Accessibility links

Breaking News

Washington aksepte Pwopozisyon Venezuela Pou Yo Kolabore Nan Lit Kont Trafik Dwòg Nan Rejyon an


Washington deklare si Venezuela patisipe nan lit kont dwòg la, sa t'ap redui sou kantite pwodui nakotik kap sòti nan peyi sa a e ki pase pa Ayiti ak Repiblik Dominkèn avan yo antre Ozetazini. Asistan-sekretè deta ameriken pou afè emisfè oksidantal la, Thomas Shannon, fè deklarasyon sa a jedi devan sou-komite afè emisfèrik yo la nan Chanm Reprezantan Etazini an. Msye Shannon deklare Lèzetazini aksepte òf Venezuela fè pou 2 peyi yo amelyore kooperasyon yo nan lit kont pwodui nakotik yo.

Deklarasyon sa a tonbe apre prezidan venezuelyen-an, Hugo Chavez, ofri pou l’ kolabore avèk Lèzetazini nan lagè kont dwòg la. Msye Shannon siyale Ayiti ak Repiblik Domikèn resevwa pifò dwòg ti avyon klandesten ap transpòte sòt Venezuela e ki pran direksyon Etazini, Ewòp ak rejyon Afrik de lwès la kote trafik dwòg la kreye enstabilite.

XS
SM
MD
LG