La polis nan peyi Dayiti dispèse avek gaz lakrimojèn plizyè milye moun ki t'al manifeste devan palè nasyonal yè madi a nan okazyon 55èm anivèsè nesans ansyen prezidan Jean-Bertrand Aristide Manifestasyon an te derape devan ansyen rezidans prive msye Aristide nan Tabarre--yon katye rezidansyèl nan rejyon nò-ès kapital ayisyèn nan, Pòtoprens. Pandan mach la, manifestan yo t'ap reklame retou asyen prezidan an kap viv an' egzil an' Afrik Di Sid depi ane 2004. Yo te lanse slogan tou kont aktuèl chèf l'Eta a, René Préval--ansyen premye minis pandan premye manda lidè Lavalas la e kont Fòs Estabilizasyon Nasyonzini Ayiti a (Minustah). Manifestasyon an dewoule san twò ensidan majè, eksepte ke lapolis te oblije tire gaz lakrimojèn pou kwape yon gwoup manifestan ki t'ap chèche antre nan perimèt Palè Nasyonal la nan sant kapital la, Pòtoprens. N'ap rantre an kontak ak jounalis Evans Nelson nan vil Pòtoprens kote, li di nou Polis Nasyonal la ak Minustah te deplwaye gwo dispozitif sekirite.
Fè yon klik sou ralonj alè a pou plis detay sou mach pwotestasyon sa a.