Siklis
La polis arete siklis Espayòl Moises Duenas Nevado apre li teste
pozitif pou uzaj dròg nan 4 trièm etap kous bisiklèt Tour de Frans
la.Arestasyon an rive apre otorite yo debake nan otèl kote ekip siklis
la tap dòmi. Sa fè 2 zièm siklis ki teste pozitif pou uzaj EPO depi
konpetisyon an kòmanse.
Siklis Kuben Pedro Pablo Perez trouve l nan Koma apre yon aksidan machin-sa vle di msye ap rate je zolenpik Peken 2008 yo.
Tennis
Franse Jo-Wilfried Tsonga, Otrichyen Stefan Koubek, Italyen Karin Knapp pap patisipe nan tounwa tenis je zolenpik yo akoz blesu.
Ameriken
Rajeev Ram kapote franse Fabrice Santoro 7-6-6-4 nan tounwa tenis
Indianapolis la. Brezilyen Thomas Bellucci elimine tou apre Kolonbyen
Alejandro Falla ranpòte la viktwa 3-6, 6-4, 6-1.
Atletisme
Ajans
Anti dopaj ameriken entèdi antrenè Trevor Graham pou l pa janm patisipe
nan oken konpetisyon Etazuni òganize akoz li ede atlèt lap antrene yo
sèvi ak dròg. Entèdiksyon an etann li sou tout federasyon entènasyonal
ou lokal ki travay ansanm Ajans Anti Dopaj Mondyal la.
Atlèt
Sud Afriken Oscar Pistorius ki gen 2 pye l koupe pral fè yon dènye
tantativ pou wè s il ta kalifye pou je zolenpik Peken yo apre li finn
patisipe an Swis.
Menm lè li sanble enposib pou kourè a kouvri
distans 400 mèt la an 45 pwen 55 sekond-Pistorius espere amelyore rekò
pèsonèl li de 46 pwen 36 sekond kapab pèmèt li jwen yon plas nan ekip
relè 400 mèt Afrik du Sud la. Afrik du Sud ap anonse ekip relè 400 mèt
la demen Jedi a.
Mwa Janvye pase a Federasyon Atletis Amatè
Entènasyonal la te entèdi Pistorius patisipe nan kous ak atlèt ki pa
andikape akoz fo pye li genyen ba l yon avantaj sou lòt atlèt yo. Men
Tribunal Spòtif la te rejte entèdiksyon an. Pistorius te gen sèlman 2
mwa pou l prepare l.
Basketball/ Iran
Asosasyon
Basketbal ameriken an envite seleksyon basketball Iranyen an pou l
antrene isit Ozetazuni kèk semen avan dewoulman je zolenpik Peken yo.
Iran gen pou l jwe 4 match chofe jarèt kont 2 ekip basketbal 2 zièm
divizyon ameriken ak 2 ekip pwofesyonèl.
Football/ Superliga
DC United tonbe 3 a 2 devan klub Meksiken Atalante nan 2 zièm rankont tounwa football Super Liga kap dewoule ant 4 klub ameriken ak 4 klub Meksiken.