Plis reyaksyon kontinye tonbe sou nominasyon Michelle D. Pierre-Louis pou pòs premye-minis la. Youn nan dènye reyaksyon yo sòti bò kote gwoup defans dwamoun RNDDH (Rezo Nasyonal Defans Dwamoun) ki lanse apèl bay palmantè yo pou l mande yo trete dosye kandida a daprè konpetans li tou senpleman. Pèsonalite ki pale konsa nan non RNDDH, se Pierre Espérance, sekretè egzekitif gwoup la. Sou dosye sa a nou genyen yon repòtaj Renan Toussaint.
Yon lòt kote, pòtpawòl branch polis MINUSTAH (Misyon Nasyon Zini pou Estabilizasyon Ayiti) reyaji aprè asasina yon òmdafè nan Pòtoprens semenn sa a. Fred Blaise di misyon entènasyonal la regrèt lanmò misye Emilio Vitielo, men li ensiste pou l di sitiyasyon sekirite a amelyore anpil nan peyi a depi kèk mwa deja.
Anfen, responsab sante animal yo ann Ayiti apresye desizyon ak aksyon gouvènman an pran pou l mete plizyè milyon Goud a la dispozisyon kanpay pou derasinen maladi grip avyè a nan peyi Dayiti. Sepandan, daprè anvwaye espesyal nou Jean Robert Philippe, kèk espesyalis k ap travay sou teren an panse lajan sa a pa ase pou kanpay la reyisi totalman e yo deside ale dèyè plis asistans.
Klike sou lyen anlè a pou w koute devlopman nouvèl sa yo avèk jounalis/korespondan nou yo.