Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Komisyon Ratifikasyon Chanm Bas la Ap Redije Rapò l Jodi a


Dosye Premye Minis la toujou domine aktyalite a nan Pòtoprens. Jodi mèkredi a, komisyon ratifikasyon Chanm Depite yo kòmanse redije rapò li maten an sou dosye Premye Minis deziye a, Michèle Duvivier Pierre-Louis. Prezidan komisyon an, Guy Gérard Georges, di Lavwadlamerik se biwo Chanm nan ki pral gen pou chwazi yon dat pou prezantasyon rapò sa a.

Antretan, blòk palmantè yo nan Chanm Bas la mande pou yo rankontre Premye Minis-deziye a san prezans Prezidan René Préval avan yo fikse pozisyon yo.

Pou w ka koute repòtaj Lavwadlamerik sou dosye ratifikasyon Madam Pierre-Louis a pou jodi 9 jiyè a, fè klik sou ralonj ki anlè tèks la.

XS
SM
MD
LG