Accessibility links

Breaking News

Kolonbi: Otorite Militè yo Anonse Dekouvèt Yon Kay Chaje Eksplozif Toupre Vil Bogota


Otorite militè kolonbyen yo anonse yo dekouvri yon tòn eksplozif nan yon kay tou pre kapital la, Bogota. Responsab militè yo sispèk eksplozif yo se minisyon Fòs Zame Revolisyonè Kolonbyèn yo, FARC.

Pou otorite sa yo, ki fè anons sa a samdi 5 jiyè a, FARC sanble tap planifye yon atak reprezay pou liberasyon 15 otaj lame a rekipere mèkredi pase yo, pami yo ansyèn kandidat a laprezidans, Ingrid Betancourt.

Betancourt, yon sitwayèn franco-kolonbyèn, nan vil Paris, an France kounye a, kote li di doktè ki ekzaminen li samdi nan yon lopital militè deklare ''li an bòn sante''.
Lame kolonbyèn nan mete an sikilasyon yon videyo operasyon sovtaj 15 otaj yo ki montre rebel FARC yo kap remet envolontèman kaptif yo bay sòlda kolonbyen ki te fè yo pase kòm travayè imanitè.

Analis yo panse operasyon sa a se yon gwo anbarasman e yon kou di pou Fòs Zame Revolisyonè Kolonbi yo ki sibi plizyè "revers'' nan mwa ki sòt pase yo, kote yo pèdi plizyè pami kòmandan yo, san konte rebèl ki dezète e ki redui efektif gwoup la.
Lèzetazini, Kolonbi ak Inyon Ewopeyèn nan kalifye FARC kòm yon òganizasyon teworis. Gwoup la, dapre sèten estimasyon, ta genyen anba men li apeprè 700 lòt otaj nan divès pwen nan rak bwa kolonbyen yo.

XS
SM
MD
LG