Accessibility links

Breaking News

Premye Minis Deziye, Michèle D. Pierre-Louis, Depoze Dokiman li Devan Palman an


Apre plizyè jou atant, e apre yon dèle 24 trè, madan Michèle Duvivier Pierre-Louis, depoze vandredi 4 jiyè 2008 la dokiman li dwe soumèt komisyon ratifikasyon chanm depite a ki pral detèmine si wi ou non li reponn kondisyon pou l' okipe fonksyon premye minis peyi Dayiti pou ranplase Jacques Edouard Alexis ke Sena a revoke depi plis pase 2 mwa.

Madan Pierre-Louis pat vle fè deklarasyon sou chans li pou l' antre nan Primatur la kòm dezyèm fanm ki pral genyen pou dirije yon gouvèman ayisyen antanke premye minis; premye a se te Claudette Werleigh. Men li fè konnen ke l' founi tout dokiman nesesè ki kapab pwouve palmantè yo konpetans li pou djòb la. Madan Pierre-Louisi menm fè remake, nap site "mwen menm founi yon ti kras plis dokiman pase sa konstitisyon an reklame". Korespondan nou, Rotchild François jr. te kapte deklarasyon premye minis prepoze a.

Klike sou ralonj ki anwo atik sa a pou n' koute korespondans Rotchlid la.

XS
SM
MD
LG