Prezidan ameriken an, George Bush, akeyi 72 nouvo sitwayen ki natiralize ameriken nan yon seremoni ki dewoule nan Monticello, kay 3èm prezidan ameriken, Thomas Jefferson, youn nan pè-fondatè patri amerikèn nan. Msye Bush di yo:sila ki prete sèman kòm sitwayen ameriken nan seremoni sa a sòti nan 30 peyi. Nou reprezante diferan gwoup etnik, ras ak relijyon, men nou tout gen yon grenn bagay an komen, e bagay sa a se lanmou nou tout pou libète. Lanmou libète se sa'k soude nasyon nou an e se lanmou sa a ki fè nou tout Ameriken.
NDLR:Pou bay lektè ak oditè Sèvis Kreyòl yon lide sou fason pèp ameriken an selebre endepandans peyi li, nou te voye repòtè nou yo nan lari pou pale ak sitwayen ameriken yo, e yo pale tou nan telefòn ak kèk konpatriyòt ayisyen, ayisyen-ameriken, pou konnen sa fètendepandanslareprezante pou yo e ki jan yo selebre li.
Fè yon klik sou ralonj ki anlè atik sa a pou n' koute avèk Serge Rodriguez e Fred Williams deklarasyon moun sa yo e genyen yon apèsi sou aktivite ki dewoulenanokazyonsaa Ozetazini.