Tennis/Wimbledon
Numewo 1 tenis mondyal maskulen an Swis Roger Federer kalifye pou final tounwa tenis Wimblenon gras ak yon viktwa li ranpòte devan Rus Marat Safin 6-3, 7-6, 6-4. Federer ap rankontre Rafael Nadal ki elimine alman Schuettler an 3 manch 6-1, 7-6, 6-4.
Serena ak Venus Williams ap rankontre nan final tounwa tenis Wimbledon nan demen Samdi a. Venus elimine Rus Elena Demetieva epi Serena te pran swen Chinwa Zheng Jie. 2 sè yo rankontre 2 fwa nan final Wimbledon nan-Serena ranpòte tou 2 rankont yo an 2002 e 2003. Venus ranpòte konpetisyon an 4 fwa Serena ranpòte l sèlman 2 fwa.
Sè Williams yo ap jwe nan final doub la tou fas a ekip doub ameriken/Ostralyen Lisa Raymond/Samantha Stosur.
Basketball / WIZARDS
Gilbert Arena ap kontinye nan Washington Wizards pou yon lòt 6 zan apre l resiyen yon kontra ak klub la pou 111 milyon dola olye de 127 milyon dola Wizards yo te pwopoze l. Arenas fè konnen li akspete 111 milyon dola olye de 127 milyon dola pou pèmèt responsab yo gen lajan pou siyen kontra ak nouvo talan.
BUSH--CHINE OLYMPICS
Militan dwazumen yo eksprime desepsyon yo sou desizyon prezidan ameriken George Bush pran pou l patisipe nan seremoni douvètu je zolenpik dete yo nan vil Peken ki te mande pou l boykote konpetisyon an.
Palmantè ameriken yo ak militan dwazumen yo te mande msye Bush pou l pat asiste je yo an siy pwotestasyon kont dosye dwazumen la Chin ak politik la Chin nan Soudan.
Ayiti /Republik Dominikèn
Atlèt ayisyen ak dominiken nan 2 vil fwontalyè 2 peyi yo pataje pral mezire konesans yo nan 6
disiplin pandan 3 jou dapre prezidan Komite Olenpik Ayisyen an Jean
Edouard Baker.
Etazini / Natasyon
Ansyen detantè rekò du mond naj bras kategori 200 mèt ameriken Brendan Hansen elimine nan faz eliminatwa ameriken an. Hansen deja kalifye pou kous 100 mèt bras la ak posibilite pou l fè pati ekip 400 mèt relè Medley a.
Etazini / Football
Selekesyon football feminen ameriken an wouze Norvèj 4 a 0 nan kad yon match amikal, avan je zolenpik Peken yo. Ameriken yo mete tèt pou la Swèd kote yo pral jwe yon lòt match amikal Samdi. Ameriken yo gen pou yo akeyi Brezil nan Kolorado nan dat 13 ak 16 Juyè pou 2 lòt match chofe jarèt.
Frans/Football
Konsèy Federal Federasyon Footbal Franse-a bay antrenè seleksyon an Raymond Domenech yon vòt de konfyans pou l kontinye dirije ekip nasyonal-la, malgre movèz pèfòmans Franse yo sot’ renmèt nan Koup dEròp 2008 la. Desizyon an vle di Domenech ap rete nan tèt seleksyon an pandan koup du mond Afrik du Sud 2010 la.
Ekwatè/Football
Liga de Quito tounen premye klub Ekwatoryen ki ranpòte Kopa Libertadores de Amerika a. Klub-la kale klub Brezilyen Fluminense 3 a 1 sou penalite, gras ak pèfòmans gadyen ekwatoryen-an, José Francisco Cevallos.
Liga de Quito te ranpòte match ale a 4 a 2 men li pèdu match retou a 3 a , sa ki vinn mete 2 ekip yo ap egalite 5 a 5. Tankou nou di-l, Liga de Quito te finn pa ranpòte konpetisyon sou tir de penalite.
Chin/ Dròg
Lutè chinwa Luo Meng ak antrenè l Zhang Hua resevwa yon suspansyon avi, apre atlèt-la te teste pozitif pou uzaj anabolizan. Anons sa a fèt apre najè Chinwa Ouyang Kunpeng te resevwa yon suspansyon avi tou, apre li teste pozitif pou uzaj steroyid.
Nan mwa Mas pase a Minis Spò chinwa a te deklare tout atlèt ke yo ta suprann kap konsome dròg entèdi ap resevwa yon suspansyon avi ak tout antrenè a, olye de yon suspansyon 2 zan, ki se sanksyon nòmal la.
Rus/Olenpik
Premye Minis Rus la Vladimir Putin mande pou yo deplase kèk enstalasyon spòtif pou je zolenpik d’ivè yo kap dewoule nan Sochi akoz pwoblèm anviwonman an. Pami enstalasyon chèf gouvènman an mande pou yo rekolize-yo, nou jwenn vilaj olenpik la. Se yon desizyon ki baze sou yon rapò nasyonzuni.