Lame Kolonbyèn libere politisyèn Ingrid Betancourt ak 14 lòt otaj, pami yo 3 ameriken, ke Fòs Ame Revolisyonè Kolonbi yo (FARC ) te kenbe nan kan sekrè yo genyen nan jeng Kolonbi yo. Responsab yo fè konnen pa genyen yon kout fizi ki tire pandan operasyon sekou sa a ki te kòmanse ak yon inite sèvis ransèyman kolonbyen ki te enfiltre rebèl FARC yo.
Pou Eduardo Gamarra, Pwofesè nan Inivèsite Florida International University, operasyon sa a se yon gwo blo pou rebèl gochis yo. Pwofesè Gamarra di, sa montre 2 bagay : Premyèman FARC parèt vrèman an dezawa, e dezyèman sa bay yon ide sou nivo ak entansite preparasyon gouvènman kolonbyen an pou reyalize kou sa a.
Lòt reaksyon ankò: Se fèt nan vil Pari nan peyi Lafrans apre Prezidan Nicolas Sarkozy te anonse nouvèl liberasyon an bay fanmi madan Betancourt ki nan peyi a. Pitit gason ansyen otaj la, Lorenzo Delloye Betancourt, deklare se pi bèl moman nan vi li.
Isit Ozetazini, Lamezon Blanch fè konnen Prezidan Bush te pale nan telefòn ak Prezidan kolonbyen an Alvaro Uribe pou felisite l pou oprasyon an.
3 ameriken ki libere yo rive deja nan yon baz lame amerikèn nan Tegzas. Rebèl yo te kidnape yo an 2003 pandan yo tap mennen yon operasyon anti-dwòg.
Madam Betancourt te anbrase manman l' nan ayewopò Bogota a yon ti tan apre fòs sekirite kolonbyen yo libere li. Ansyen kandida-a-la-prezidans la, ki remèsye Bondye, rekonèt se yon mikak dèske li jwenn liberasyon n apre 6 zan.
Pou Minis defans kolonbyen an, Juan Manuel Santos, operasyon sa a reprezante yon gwo kou pou rebèl FARC yo. Li di, "Lanmò plizyè chèf rebèl ak plizyè lòt ki rann tèt yo montre ke gwoup la ap soufri, e Kolonbi fèt pou li kenbe presyon an."