Football
Espayòl yo penture vil la an wouj pou akeyi seleksyon nasyonal la ki sot ranpòte koup dEròp la fas a Almay.
Kosta Rika nonmen Rodrigo Kenton kòm nouvo antrenè seleksyon nasyonal
la pou ranplase Hernan Medford ki revoke akoz movèz pèfòmans seleksyon
an renmèt nan mwa ki pase yo.
Basketball
Washington Wizards re-siyen yon kontra ak Antwan Jamison pou yon dure 4
tran kap koute 50 milyon dola. Kounye a ekip la kapab konsantre pou l
negosye ak vedèt Gilbert Arena ke kontra l ekspire maten an. Arena te
poze kòm kondisyon pou l rete jwe nan Washington Wizard si e sèlman si
responsab yo siyen kontra ak Antwan Jamison.
Tennis
Swis Roger Federer kalifye pou kar de final tounwa tenis Gran Shelem Wimbledon nan nan moman Sèb Jelena Jankovic fè malèt li.
Tamarine
Tanasugarn wouze Jankovic ak 2 kout rakèt 6-3, 6-2 pou l tounen premye
Tailandè ki kalifye pou kar de final yon tounwa Gran Shelem.
Federer
kontinye tantativ pou l ta ranpòte tounwa a yon 6 zièm fwa afile apre
li elimine Ostralyen Lleyton Hewitt 7-6, 6-2, 6-4. Espayòl Rafael Nadal
pat rankontre oken difikilte pou l kalifye nan kar de final la apre li
tronse Rus Michael Youzhny 6-3, 6-3, 6-1. Nadal pral rankontre Britanik
Andy Murray ki remonte yon defisi 2 manch avan li elimine franse
Richard Gasquet 5-7,3-6,7-6,6-2,6-4.
Ameriken Serena ak Venus Williams kalifye tou.
Cyclisme
Siklis
Ameriken Floyd Landis pèdu dènye apèl li te fè devan tribunal Spòtif la
nan vil Lauzann an Swis pou l te konsève tit Tour de Frans li te
ranpòte an 2006.
Tribunal la fè konnen tès pozitif ki te fèt sou
siklis la toujou valab. Tribunal konfime pou Landis resevwa yon
suspansyon kap fini 29 Janvye 2009 e pou l peye ajans anti dopaj
ameriken an 100 mil dola kòm frè enstitusyon an depanse pou l pouswiv
dosye a nan tribunal..
Landis, ki pa janm sispann di li inonsan, fè
konnen desizyon an fè l tris, li pral etudye opsyon legal pou l deside
sa ki pibon pou li.
Natation
Najè ameriken
yo kòmanse bat rekò menm avan yo patisipe nan Je zolenpik yo. Nathalie
Coughlin reprann rekò li te pèdu nan kous 100 mèt eliminatwa natasyon
ameriken an. Hayley McGregory, ki pat kalifye pou je zolenpik Atè n
2004 yo, bat yon rekò tou.