Depite ki manm Konsètasyon Palmantè Pwogresis yo ann Ayiti (abreje an Fransè CPP) rejte kritik ki vle fè konprann yo vle bloke peyi a, poutèt yo pa ratifye ni Ericq Pierre, ni Robert Manuel pou pòs Premye Minis la.
Korespondan nou Sen-Mak, Galilée Périlus, ki te rankontre youn nan Depite CPP yo, di pozisyon gwoup la se pou ratifye Michèle Pierre-Louis, akondisyon nominasyon n nan konfòm ak Konstitisyon 1987 la.
Pou w ka koute repòtaj sila a, fè klik sou ralonj ki anlè atik la.