Accessibility links

Breaking News

Carmelo Anthony ap Rate 2 Match


Basketball/USA

Denver Nuggets suspann Carmelo Anthony pou 2 match apre la polis te arete l an Avril kòm kwa tap kondwi machin apre li te finn bwè kleren. Suspansyon an ap kòmanse a pati de sezon pwochen an.

Tennis / Wimbledon

Poko gen oken supriz nan tounwa tenis Gran Shelem Wimbledon nan kap dewoule an Angletè.

CONCACAF / Football

Apre seri kar de final yo-group yo devize an 3 gwoup de 4.
Nan group A nou jwen Etazuni, Gwatemala, Trinidad and Tobago ak Kuba.
Nan Group B gen Meksik, Jamayik, Honduras ak Kanada.
Gwoup C a Kosta Rika, Surina m, El Salvador ak Ayiti. Semi final al ap kòmanse nan mitan mwa Out la.


Ayiti ap akeyi Surinam 22 Out. 8 Septanb Grenadye yo ap fè yon kout pye lakay Salvador. 12 Septanb kont Kosta Rika epi le 11 kont Kosta Rika nan San Jose. Le 15 Oktòb nan Pòtoprens kont Salvador epi nan mitan mwa Novanm nan kont Surina m.

2 premye nan chak group yo ap kalifye pou ekzagonal final la. 3 premye yo ap kalifye dirèkteman pou koup du mond Afrik du Sud 2010 la. Peyi ki klase 4 trièm nan pral jwe yon match de baraj ale/retou kont peyi ki klase 5 kièm nan Amerik du Sud la.

Football/Europe

Balon pral woule sou kontinan Eropeyen an demen Mèkredi lè Almay ap rankontre Turki revelasyon tounwa a nan kad premye semi final koup dEròp dè Nasyon an. Turk yo pa gen sèvis 6 jwè ki te patisipe nan kar de final e pwobableman plis akoz blesu e akumulasyon de katon jò n.Jedi se pral lòt semi final la ant Espay ak Rusi yon lòt revelasyon tounwa a. Nap swiv!

Oganizatè-yo publiye non abit ki pral dirije demi-final Euwo 2008-la. Kanta pou final-la se , italyen Roberto Rosetti. Italyen Alessandro Griselli
ak Paolo Calcagno ap jwe wòl juj de ly e suedwa Peter Frojdfelts ap 4e abit.

Football/Autriche

Antrenè seleksyon Otrich la Joseph Hickersberger demisyone nan tèt seleksyon an-yon jou avan federasyon reyuni pou deside sou avni l malgre kontra l ap fini an Desanm.

Football/Croatie

Seleksyon Kwat la apre resevwa 9 milyon 700 mil dola pou tèt yo rive nan kar de final Ero 2008 la. Tou depan de kantite minit yon jwè pase sou teren an ak kantite match li jwe chak footballè ta dwe resevwa 465 mil dola. Antrenè Slaven Bilic ap resevwa menm montan an.

XS
SM
MD
LG