Football/ Ero 2008
Kar de final koup dEròp dè Nasyon (faz dechoukaj la) ap demare jodi a lè Almay ap
rankontre Pòtugal. Venkè rankont sa a ap rankontre nan semi final la
venkè rankont kap jwe Vandredi ant Kwasi ak Turki.
Yè Mèkredi a,
la Rusi suprann tout moun ak yon viktwa 2 a 0 sou la Swèd pou l pase
nan kar de final la. Nan pwochen faz-la, Rus yo pral rankontre ak 11
nasyonal Olandè-a Samdi 21 jen-an. Espayòl-yo fini nan tèt group D a
apre yon viktwa 2 a 1 yo ranpòte devan la Grès. Espay ap rankontre
Itali Dimanch nan kar de final la.
Balon te woule tou nan Amerik
du Sud la kote Bolivi suprann Paragwe ak yon viktwa 4 a 2. Arjantin
kenbe Brezil an echèk nan Belo Horizonte kote 2 seleksyon nasyonal-yo
fè yon match nul 0 a 0. Se menm rezulta (0-0) Ekwatè anrejistre
lakay-li, nan vil Kito, nan yon match ki te mete l fas a fas avèk
seleksyon nasyonal Kolonbi-a.
Nap retounen sou kontinan
ewopeyen-an, pou n di ke Juventus de Turen dakò pou l peye yon amand
460 mil dola pou responsab-yo mete fen nan yon ankèt yap mennen sou yon
seri de kont maltaye ki te sakaje football Italyen an an 2006. Daprè
otorite football-yo nan Itali, klub Juventus de Turin ta mele byen fon
nan seri eskandal sa-yo.
Tennis/ Melbourne
Rus
Svetlana Lizmetspva elimine nan tounwa tenis Open East Melbourne-nan:
li tonbe fas a Danwaz Caroline Wozniacki ki kale li sou yon skö 6-2,
6-2. Ostralyèn Samantha Stosur kalifye pou pwochèn faz-la apre fransèz
Amelie Mauresmo deside abandone tounwa a.
Tennis / Oland
Rus
Elena Dementieva te bezwen 2 manch pou l kale Woumè n Sorana Cirstea
6-2, 6-4 pou l kalifye nan semi final tounwa tenis Open Ordina nan
Oland. Rus Dinara Safina kalifye pou semi final la apre Slovè n
Katarina Srebotnik abandone rankont la.
Bò kote mesye yo franse Marc
Gicquel kalifye pou semi final la apre li pase Otrichyen Jurgen Melzer
2 kout rakèt 6-3, 6-4. Arjanten Juan Martin Del Potro kalifye pou semi
final tou apre li elimine franse Arnaud Clement 2-6, 6-3, 6-1.
Olympic Security / Chin
La
Chin fè konnen lap deplwaye 100 mil fòs anti teroris kont menas pou
dewoulman Je zolenpik yo kap kòmane an Out. Dapre komite òganizatè a
ajan anti teroris yo kapab fè fas ak menas tankout atak chimik, dap
piyanp sou otobus ak tout lòt fòm atak. Responsab yo di yo mete sou pye
plis pase 500 plan sekurite, transpò, ensandi, anti teroris ak pwoteje
pèsonalite etranje enpòtan kap vinn asiste konpetisyon an.