Basketball/ USA
Yè swa se te gwo fèt nan Boston, men se te lapèn nan Los Anjelès e nan
Sèvis Kreyòl Vwadlamerik-la...Mwen voye dlo mwen pa mouye pèsonn!
Boston Celtics ranpòte 17 tièm tit chanpyon-ni nan lig basketball
pwofesyonèl ameriken an. Boston van-nen Kobe Bryant ak Los Anjeles
Lakers 131 a 92, swa ak 39 pwen davans, ki se yon rekò nan istwa final
NBA-a. Epitou, kòm ekip ki ranpòte chanpyona a plis fwa ke tout lòt,
Celtics-yo bat yon lòt rekò, malgre sa te pran 22 zan anvan koup-la
retounen nan “Garden”-nan (stad...nou ta di ”temple” baskèt
Boston-an). Paul Pierce ki make an mwayè n 22 pwen par match nan
final-la nonmen kòm MVP, donk pi bon pami pibon nan seri a .
Football/ Erop
Koudjay
foutbòl ann Ewop: Gwo desepsyon pou fransè-yo . Nou nan Koup dewòp dè
Nasyon-an . Itali kale Lafrans 2-0 pou voye ekip Raymond Demonech-la
lakay-li. Apre yon gwo despsyon konsa , antrenè franse-a dwe nan yon
pwofond refleksyon pou suit karyè-l. Dayè, msye pat menm vle reponn
kesyon jounalis ki mande si lap rete nan tèt BLEU-yo. Sa ki pi rèd-la,
Lafrans fini dènye nan gwoup C-a . Nan nivo seleksyoné-yo, Claude
Makélélé ak Lilian Thuram anonse retrèt yo sou sè n football
entènasyonal la-la.
Italyen yo pral rankontre nan kar de final
ak Espay. La Oland pa nan jwèt mezanmi, ekip oranj-la, ki te deja
kalifye depi apre 2e viktwal-la 4-1 sou La Frans-la , lage 2 p’ti gòl
nan kòsaj Woumani pou fini nan tèt group la ak 9 pwen. Van Basten di
li moute teren-an pou l’bat tout moun...ane sa-a, se pwenn-fè-pa!
Jodi
a nan group D-a Espay ap rankontre ak la Grès. Nan 2e match-la La Rusi
ap jwe kont la Swèd. 2 ekip yo gen 3 pwen yo chak dèyè Espay ki nan tèt
group la ak 6 pwen.
Responsab nan Unyon Football Eropeyen an
sispann pou 2 match gadyen seleksyon Turk la poutèt li te bourade yon
atakan Republik Tchèk pandan arè de je match yo-a ke Turk yo ranpòte 3
a 2 apre yo te remonte yon defisi 2 a 0. Federasyon Football Turk la ap
peye yon amand 42,150 dola pou move konpòtman fanatik, jwè ak dirijan
yo pandan e aprè rankont la. Responsab Turk yo te gen 24 trè pou y’ale
ann apèl (par ekri) kont desizyon an.
Football / Almay
Unyon
Football Eropeyen an sispann antrenè seleksyon nasyonal football Alman
an Joachim Loew pou l pa chita sou ban d -touch la pandan match kar de
final Alman yo kont Pòtugal akoz li te pwoteste desizyon yon abit..
Antrenè Otrichyen an, Joseph Hickersberger resevwa yon suspansyon pou
yon match tou apre abit la te mande yo abandone teren an. 2 antrenè yo
te kòmanse boukante pawòl piman bouk.
Antrenè Loew pap kapab
komunike ak jwè yo ke sèlman apre rankont la. Msye pa kapab sèvi ak
oken mwayen komunikasyon pou l pale ak asistann non plis tou vizite
vestyè a pandan 2 zièm mitan an.
Antrenè Otrichyen an ap purje suspansyon yon match pandan eliminatwa koup du mond la akoz Otrich elimine nan konpetisyon an.
Football/ KONKAKAF
Nan zòn KONKAKAF la Kuba te fè anpil efò avan li kale Antigua e Barbuda 4 a 3. Match retou a fikse pou Dimanch.
Nan
Amerik du Sud la jodi a balon pral woule ant Brezil ak Arjantin. Yè
swa Urugwe te danse sou Pewou 6 a 0. Se nan kad eliminatwa pou koup du
mond 2010-la, nan zòn Amerik du Sud la.
Tennis/ Wimbledon
Swis
Roger Federer ak Sèb Ana Ivanovic seleksyone kòm tèt de seri numewo 1
tounwa tenis Gran Shelem Wimbledon nan kap kòmanse Lendi. Tiraj osò a
ap dewoule Vandredi.