Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Nouvo Presyon Sou Prezidan Préval Pou Li Chwazi Yon Premye Minis


Aktyalite a nan peyi dAyiti: Dabò sou plan politik, presyon rekòmanse fèt pou Prezidan René Préval pwopoze yon Premye Minis. Lidè nan Klas Politik la ak Sosyete Sivil la egzòte Msye Préval pou li chita pale ak blòk ki gen majorite nan Lachanm nan, yon fason pou pwochen moun li pwopoze a pa resevwa move kanè. 2 fwa nan espas yon mwa, swa 12 Me ak 12 Jen, Chanm Depite a te rejte sitwayen ke Prezidan an te chwazi pou ranplase Jacques Edouard Alexis nan Primati a.

Yon lòt kote, korespondan nou Rotchild François, Jr. di nou lapolis mennen plizyè operasyon kote yo libere 2 adolesan ke bandi te kidnape. Responsab yo fè konnen yo mete men sou 10 sispèk.

Epi yon gwoup mizikal trè koni nan Pòtoprens, gwoup rap kreyòl Barikad Crew, leve andèy maten an. Rotchild di nou 4 manm gwoup la mouri samdi nan yon aksidan machin sou wout ayewopò.

Si ou ta renmen koute repòtaj Rotchild la, fè klik sou raonj ki anlè foto a.

XS
SM
MD
LG