Accessibility links

Breaking News

Prezidan Ayisyen an Anba Kritik Apre Echèk Yon Dezyèm Kandida Pou Pòs Premye Minis la


12 Me 2008, 12 Jen 2008, se nan menm dat la, sou yon mwa jou-pou-jou ke Chanm Bas Palman Ayiti a bay kandida pou plas Chèf Gouvènman an yon move kanè. Sa rive malgre tou 2 kandida yo se zanmi pèsonèl Chèf Leta a, René Préval. Si nan ka Pierre Ericq Pierre te gen reyaksyon ontijan negatif poutèt sanble Depite yo te ensiste twòp sou kesyon de batistè grann ni, fwa sa a anpil analis ak senp obsèvatè te predi ke Robert Manuel ka pa pase akòz tan li te fè ap viv aletranje nan 5 ane ki sot pase yo.

Apre vòt ki konsakre echèk kandidati Bob Manuel la weekend sa a, reyaksyon ap miltipliye. Nan Diaspora a, pi presizeman nan eta Florid, se te youn nan prensipal tèm pwogram radyo yo. Korespondan nou Yves Mompremier gen deklarasyon yon analis politik ak yon ansyen manm Palman ayisyen an.

Pou w ka koute repòtaj Mompremier a, fè klik sou ralonj ki anlè foto a.

XS
SM
MD
LG