Accessibility links

Breaking News

Portugal Kalifye pou Faz Dechoukaj Ero 2008 la


Football / Erop

Premye faz chanpyona football Ero 2008 la ap rapousib jodi a apre chak ekip jwe yon rankont. Jodi a nan group A a Repbulik Tchèk tonbe devan Portugal 3 a 1 nan yon rankont gason pa kanpe . Ak Viktwa Portugal kalifye pou faz dechoukaj la. Pita nan jounen an la Swis ap jwe kont Turki. Republik Tchèk toujou nan kous la. Nan rankont ki jwe yè Madi a Espay suprann la Rusi ak yon swif 4 a 1 epi la Swèd wouze la Grès 2 a 0.

Football / Etazuni

Antrenè seleksyon ameriken an Bob Bradley publiye lis 21 jwè definitif ki pral rankontre Barbad nan match ale eliminatwa koup du mond pou zòn KONKAKAF la dimanch menm jou Ayiti ap akeyi Antiy Neerlandèz. Pami seleksyone yo gen 13 jwè ki patisipe nan yon koup du mond pou pipiti.

Tennis/ Londr

Vedèt tenis espayòl Rafael Nadal byen demare tounwa tenis Lond la gras ak yon viktwa an 2 manch li ranpòte sou Swedwa Jonas Bjorkman 6-2, 6-2. Nadal pral rankontre Japonè Kei Nishikori ki eliminen franse Olivier Patience 7-6, 6-3. Ameriken Andy Roddick remonte yon defisi yon manch pou l kale konpatriòt li Robby Ginepri 6-7, 6-1, 6-1.

Basketball/ Etazuni

Los Anjeles Lakers kale Boston Celtics 87 a 81 pou l ranpòte premye viktwa nan seri 7 match final NBA a. Boston toujou ap domine seri a ak 2 viktwa kont 1 defèt. 2 ekip yo ap rankontre demen Jedi a ak Dimanch toujou nan Los Anjeles nan okazyon 4 trièm e 5 kièm rankont la.

Chikago Bulls mete fen nan rechèch li tap fè dèyè yon nouvo antrenè apre-l anplwaye Vinny Del Negro kòm nouvo antrenè Bulls yo. Chikago Bulls pat kalifye pou faz final la.

XS
SM
MD
LG