Accessibility links

Breaking News

Ayisyen Nan Florid Chofe Pou Eleksyon Amerikèn yo


Etazini-Eleksyon: kounye a puiske eleksyon primè ak "caucus" yo--kidonk reyinyon elektoral kèk eta genyen nan plas eleksyon primè yo-- kounye a puiske ke yo bout, 2 kandida-a-la-prezidans yo, Barack Obama ak John McCain, ap prepare kanpay yo pou eleksyon jeneral Novanm nan, nan moman elektè yo move akòz eta ekonomi an ak lagè manch long Irak la. Obama pral tanmen yon seri meeting-de-mas demen nan kèk eta ki abitye vote pou Repibliken.

McCain, li-menm, kòmanse fè pase spot nan televizyon pou vante eksperyans li kòm yon ansyen konbatan nan Vyetnam epi eseye santre deba a sou sekirite nasyonal.

Kominote ayisyen atravè Lèzetazini ap suiv eleksyon ane sa a ak plis enterè pase tout lòt. Tou 2 kandida yo anfavè refòm imigrasyon ki ta ka pèmèt plizyè milye Ayisyen jwenn rezidans. Nou fè yon kout je sou sitiyasyon an nan eta Florid, ak korespondan nou Yves Mompremier, ki nan vil Orlando. Fè klik sou ralonj anlè tèks la pou w tande repòtaj li a.

XS
SM
MD
LG