Accessibility links

Breaking News

Komite Olenpik Entenasyonal la Suspann Irak


Olenpik / Irak

Komite Olenpik Entènasyonal la suspann komite olenpik nasyonal Irakyen an apre gouvènman an revoke manb komite a. Komite Olenpik entènasyonal la di li pap rekonèt manb komite olenpik pwovizwa gouvènman an mete sou pye. Gouvènman an di rezon ki fè li revoke komite a se akoz li pa gen korum epi paske responsab yo pa fè eleksyon depi 5 kan. Otorite yo di yo pa gen nouvèl prezidan komite a, Ahmed Al-Smarrai, depi anlèvman li an 2006. Vil Chikago Illinois figure sou lis finalis pou akeyi je zolenpik yo an 2016 ansanm ak Tokyo, Madrid ak Rio de Janeiro.

Tennis/ Roland Garos

Rus Dinara Safina kontinye ap byen men-nen nan tounwa tenis Roland Garos la apre li elimine konpatriòt li Svetlana Kuznetsova 6-3, 6-2 pou l kalifye pou final tounwa a kap dewoule nan vil Pari. Safina ap rankontre an final Samdi Ana Ivanovic ki suprann konpatriòt li Jelena Jankovic 6-4, 3-6, 6-4.

Bò kote mesye yo, semi final la ap demare demen lè Swis Roger Federer ap rankontre ak revelasyon tounwa a, franse Gael Monfils; e Rafael Nadal / ki ranpòte konpetisyon an 3 fwa deja / pral fè fas ak chanpyon Open Ostrali a, Sèb Novak Djokovic.

Football/ Azi

Seleksyon foutbòl feminen Kore du Nò wouze Ostrali 3 a 0 pou l kalifye pou final tounwa foutbòl feminen Azyatik la kap dewoule nan Ho Chi Minh City o Vyetnam. Nò Koreyen yo ap rankontre venkè semi final kap dewoule ant la Chin ak Japon an.

Football / Erop

Franse Franck Ribery ak Thierry Henry abandone premye seyans antreman kote yo tap patisipe ak seleksyon nasyonal franse a, an Swis, avan “coup d’envoi” konpetisyon Ero 2008 la ki fikse pou Samdi kap vini la a. Temwen di yo te remake Ribery ki tap bwate lè li tap kite teren an.

Yon lòt kote, se abit italyen Roberto Rossetti ki pra l’ dirije match ouvètu koup dEròp dè Nasyon 2008 la ant la Swis ak Republik Tchèki, Samdi, nan vil Bal dapre anons Unyon Foutbòl Eropeyen an fè jodi a. Alessandro Griselli ak Paolo Calcagno ap juj de liy, selon règleman tounwa a ki mande pou tout abit yon rankont gen menm nasyonalite. Òganizatè yo publiye detay sou sèlman 12 pami 31 rankont tounwa a.

Etazuni subi 2 defèt afile l sou kontinan Eropeyen an apre yo tonbe 1 a 0 devan Espay yè Mèkredi a nan vil Santander. Espayòl yo make bout gòl la nan 79 vièm minit rankont la. Viktwa sa a, se 16 zièm viktwa afile Espayòl yo avan yal patisipe nan koup dEròp dè nasyon an kap tanmen Samdi. Lèzetazini te pèdu premye rankont la 2 a 0 fas a Angletè.

Ameriken yo ap retounen nan New York kote yo pral rankontre seleksyon Arjantin nan ki wouze Meksik yè swa 4 a 1.

Football / KONKAKAF

Nan match kalifikatif pou zòn KONKAKAF la, Honduras danse sou Porto Riko nan San Pedro Sula 4 a 0 nan kad match ale eliminatwa koup du mond Afrik du Sud 2010 la. Chili kale Gwatemala 2 a 0 nan kad yon match amikal ki jwe yè o Chili.

Ayiti kap prepare rantre l nan eliminatwa koup du mond la an Florid prale nan Honduras kote seleksyon ayisyèn nan pral rankontre seleksyon ondirèy lan Samdi-

XS
SM
MD
LG