Accessibility links

Breaking News

Prezidan Bush Akeyi Chanpyon Univesitè yo


Basketball

Univèsite Kansas ki se chanpyon basketball Univèsite maskulen yo vizite la Mezon Blanch yè Madi a.

Bò kote pwofesyonèl yo final pou detèmine nouvo chanpyon nasyonal sezon 2007-2008 la ant Los Anjeles Lakers ak Boston Celtics ap demare demen Jedi a.

Detroit Pistons revoke antrenè a, Flip Saunders apre elimine 3 fwa nan final konferans de Lès la. Responsab operasyon Pistons yo Joe Dumars fè anons la yè Madi a malgre ansyen antrenè manke yon lane pou kontra l fini. Saunders ki siyen yon kontra ak Detroit Piston an Juyè 2005 ap kite ekip ak yon palmarès 176 viktwa 70 defèt.

Football

Afrik Konfederasyon Football Afriken an bay Chad yon bwa long kenbe pou l pa jwe oken match kalifikatif koup du mond 2010 la--yon tounwa ki konte tou kòm kalifikasyon koup dAfrik dè Nasyon 2010 la. Rezon an se akoz seleksyon Chadyen an te deside pa jwe match kalifikatif koup du mond kont Kongo nan group 10 la malgre garanti sekurite yo te jwen. FIFA te ranvwaye rankont la akoz tansyon politik ki genyen ant 2 peyi yo.

Ansyen antrenè seleksyon angle swedwa Sven-Goran Eriksson non-men kòm antrenè seleksyon Meksik la. Ericsson tounen 7 tièm antrenè Eropeyen kap antrene nan an. Sèb Bora Milutinovic se te dènye antrenè etranje ki te demisyone an 1997. Kèk jwè nan seleksyon an pa finn twò dakò ak chwa a.

Football / Boulgari

Otorite spòtif yo nan Bulgari refuze klub CSKA de Sofia patisipe nan chanpyona lig football peyi a akoz dèt li genyen kont otorite yo. Sa vle di CSKA pap kapab pa patisipe nan konpetisyon Eropeyen yo akoz li pa gen yon lisans lokal. Nan match amikal entènasyonal la Frans kale Kolonbi 1 a 0.

Atletism

Kourè britanik Dwain Chambers di lap tren-nen devan la justis Komite Olenpik britanik la pou wè si yo ta leve entèdiksyon avi kap peze sou do l pou uzaj anabolizan ak espwa li kapab patisipe nan je zolenpik Peken yo. Federasyon Atletis Amatè Entènasyonal la te suspann Chambers an 2003 pou uzaj steroyid. Dapre règleman komite Olenpik Britanik la Chambers te resevwa yon suspansyon avi pou l pa reprezante peyi a nan oken konpetisyon. Komite Olenpik Britanik eksprime konfyans li tribunal pap rejte desizyon an.

Ansyen kourè ameriken Antonio Pettigrew renmèt meday kous relè li te ranpòte nan kous 200 mèt apre li te rekonèt li te konsome dròg pandan je Sidne 2000 yo. Atlèt la non sèlman renmèt meday la men tou lòt prim li te ranpòte de 1997 a 2000. Yè Lendi a Michael Johnson te anonse entansyon n pou l renmèt meday dò li te ranpòte nan kous relè a apre li te aprann nouvèl la.

XS
SM
MD
LG