Accessibility links

Breaking News

Duèl ant Djokovic e Nadal


Tennis

Nan Tenis, presizeman Entènasyono de Frans (Rolan Garos) -- nou nan Tenis : Kay mesye yo : tchèk Novak DJokovitch (3) elimine nan kar de final Letton Ernest an 3 sèt : 7-5, 7-6, 7-5. Djokovitch ap rankontre nan demi-final ak nimewo 2 mondyal la espayòl Rafael Nadal ki imilye konpatriyòt li Nicolas Almagro sou yon skò 3 sèt a 0: 6-1, 6-1, 6-1.

Kay medam yo, sèb Ana Ivanovic kalifye san pwoblèm pou demi-final aprè li ranpòte yon viktwa an 2 sèt 6-3, 6-2 sou Patty Schnyder. Ivanovitch ap rejwenn swa konpatriyòt li Jelena Jankovic oubyen espayòl Carla Suarez Navarro. Rus Svetlana Kuznetsova ak Kaia Kanepi, moun peyi Estoni kalifye pou kar de final.

Atletisme/ Etazuni

Kourè ameriken Michael Johnson ap retounen bay komite Olenpik entènasyonal la meday dò li te ranpòte nan kous relè Sidney 2000 yo aprè youn pami manb ekip la te rekonèt li te pran dròg pandan e avan konpetisyon an. Johnson di li te sezi tande Antonio Pettigrew admèt li te konsome substans entèdi pandan karyè li. Michael Johnson se aktyèl detantè rekò du mond 200 ak 400 mèt la.

Football / Etazuni

Defansè seleksyon football olenpik ameriken an Jonathan Spector ap rate je zolenpik yo akoz yon pwoblèm nan ren. Nan lòt devlopman, federasyon football ameriken an anonse Landon Donovan ap rate match amikal Etazuni genyen pou l jwe ak Espay la Mèkredi 4 jen an akoz yon pwoblèm nan ligaman. Ameriken yo genyen pou yo jwe yon lòt match amikal kont Arjantine nan “Giant Stadium” nan New York Dimanch pwochen.

Pou sa k konsène match kalifikatif koup du mond zòn Azyatik la, nan group 1 an la Chine fè match nul 0 a 0 ak Katar. Turkmenistan fè match nul 0 a 0 ak Kore di Nò. Nan group 5 la Emira Arab Uni yo fè match nul 0-0 ak Teheran; plizyè obsévaté wè match sa a tankou yon echèk pou Iran, etan done ke match la te fèt lakay li. La Siri ranpòte yon viktwa tou mens 1 a 0 devan Koweit. 2 premye nan chak group yo ap kalifye pou pwochen tou a.

Kapitèn seleksyon Italyen an Fabio Canavarro ap rate koup dEwòp la akoz yon pwoblèm nan ligaman li soufri pandan antrenman lendi semèn sa a. Antrenè Skwadra Azzura rele Alessaandro Gamberini kap jwe nan Fiorentina pou ranplase Balon dòr Frans Football 2006 la. Itali ap louvri tounwa a lendi pwochen kont la Oland.

Konsènan konpetisyon an kap dewoule soti 7 pou 29 jwen an Suis e ann Otrich an tandem, responsab football Ewopeyen yo anonse tès anti-dopaj yo fè kont footballè kap patisipe nan konpetisyon an negatif. Responsab yo te chwazi 10 jwè nan chak seleksyon pou fè tès la. Responsab yo fè konnen yap seleksyone 2 jwè par ekip apre chak rankont.

Responsab football kontinan Azyatik la kore inisyativ prezidan FIFA a Sepp Blatter pran pou l redwi kantite jwè etranje ki kapab demare yon match nan yon klub yon fason pou ankouraje patisipasyon jwè lokal yo.

Nan kad preparasyon pou koup dEwòp la, Lafrans ap jwe yon match amikal madi 3 jen an nan aswè kont La Kolonbi. Toujou gen yon pwen dentèwogasyon kap peze sou do Patrick Viera. Antrenè Raymond Domenech deja alète Mathieu Flamini pou sizoka yo ta bezwen sèvis li.

Basketball

Nan Basketball, preparatif yo ap kontinye pou final ant “Boston Celtics” ak “Los Angeles Lakers la” pou detèmine nouvo chanpyon sezon 2007/2008 chanpyona nasyonal Basketball pwofesyonèl Etazini an, NBA. 2 ekip yo tèlman anfòm sou kesyon yo, li difisil pou mounn predi kilès k’ap chanpyon.

XS
SM
MD
LG