Accessibility links

Breaking News

Etazini: Obama Toupre Nominasyon an Malgre Viktwa Clinton Nan Pòtoriko


Etazini-Eleksyon: Demokrat yo ap jete bilten nan dènye epizòd kanpay elektoral pou nominasyon kandida pati a. Jodi a, Pòtoriko, ki se yon eta-lib-asosye Etazini, bay Hillary Clinton yon lòt viktwa, men sondaj yo di Barack Obama devan nan Montana ak Dakota di Sid, ki pral vote madi. Barack te pran lapawòl apremidi dimanch la nan Mitchell, Dakota di Sid, kote li felisite Hillary e preche anfavè inite nan Pati Demokrat la.

Tou 2 kandida yo espere super-delege yo pral ba yo dènye “push” la pou nominasyon an. E Prezidan Pati Demokrat la, ansyen gouvènè Howard Dean, mande ofisyèl sa yo fè lide yo tousuit. Li di, “ fòk kous la bout mwa sa a. Nou pa vle al nan konvansyon an e livre yon gwo batay epi apre sa pou nou pèdi prezidans la.”

Howard Dean rekonèt ke faz nominasyon an kreye gwo divizyon nan pati a e li deklare Barak Obama ak Hillary Clinton gen obligasyon pou yo antann yo. Howard Dean pale konsa yon jou apre komite ki responsab tout regleman nan Pati Demokrat la te vote anfavè yon konpwomi ki retabli delegasyon Florid ak Michigan pou konvansyon an, men ak mwatye vòt pou chak delege.

Pou w ka koute tout repòtaj la, fè klik sou ralonj ki anlè atik la.

XS
SM
MD
LG