Accessibility links

Breaking News

Serena Williams Di Roland Garos Bye-Bye


Tennis

Tenis ...Roland Garos pou kòmanse : amerikèn Serena Williams elimine. Katarina Srebotnik, moun peyi Sloveni, kale manzèl an 2 sèt: 6-4, 6-4. Nan lòt match ki dewoule jodi vandredi a , numewo 1 mondyal-la rus Maria Sharapova elimine amerikèn Bethanie Matteck an 3 sèt : 6-2, 3-6, 6-2. Kalifikasyon pou tèt de seri numewo 3 a, sèb Ana Ivanovitch ki kale dannwaz Caroline Wozniacki an 2 sèt : 6-4, 6-1. kay mesye-yo, espayòl Raphael Nadal(numewo 2 mondyal) kalifye san pwoblèm . Li kouri ak fenlandè Jarko Nieminen an 3 sèt : 6-1, 6-3, 6-1.

Basketball

Tripotraj la fini ! omwen, pou Konferans de Lwès la avèk viktwa Kobe Bryant ---ezkize-- viktwa Los Angeles Lakers sou chanpyon antit la: San Antonio Spurs. Skò final: 100 a 92 an favè Lakers ki remonte yon defisi 17 pwen pou l’ ranpòte match ak seri-a le plus logiquement du monde avèk 4 viktwa e yon defèt. Kobe Bryant, l’homme du match, te make 39 pwen. Chanpyon konferans de Lwès la, Los Angeles Lakers ap tann rezilta seri konferans de Lès la apre Boston Celtics va rankontre Detroit Pistons vandredi 30 me 2008 la pou l’ konnen advèsè l’ pou final nasyonal la. Boston ap mennen seri-a 3-2.

Football

Nan okazyon 5èm kongrè anuel FIFA a ki dewoule ane sa a nan vil Sydney, ann Ostrali, Komite egzekutif la ofisyèlman ratifye (175 vwa pou e yon kont) kòd dopaj revize Ajans Mondyal Anti-dopaj la.

Federasyon foutbòl a travè lemond vote avèk yon gwo majorite anfavè yon lwa ki vize prezève idantite nasyonal klub ak ekip nasyonal yo. FIFA te pwopoze lwa li rele “lwa 6 plis 5 la” ki limite kantite jwè etranje kap jwe nan yon klub. 115 federasyon vote pou lwa-a e 40 lòt pa vote dutou. Lwa a egzije pou tout match gen omwen 6 jwè lokal e pou yo gen posibilite jwe pou seleksyon nasyonal peyi akèy la. Lwa rankontre gwo opozisyon bò kote gwo klub rich ewopeyen yo.

Pandan kongrè FIFA a, prezidan Sepp Blatter, fè konnen li ta renmen tou anonse an 2011 syèj koup du mond 2018 ak koupn du mond 2022 a.

Yon desizyon, dapre msye Blatter, ki genyen yon meyè avantaj ekonomik. Msye Blatter di li pral ankouraje peyi yo poze kandidati yo an mènm tan pandan lap evite pou 2 tounwa pa dewoule youn apre lòt sou menm kontinan an. FIFA anonse tou yon pwofi 49 milyon dola pou sezon 2007 la malgre pwoblèm legal li te rankontre

Responsab Inter de Milan yo revoke antrenè ekip la Roberto Mancini, malgre msye ede klub la ranpòte 3 tit seri A a youn dèyè lòt. Nan anons la, dirijan yo presize yo revoke Manchini pou kòmantè li te fè nan mwa mas la apre eliminasyon klub la nan kar de final Lig Chanpyon an. Medya yo ann’ Itali site non Jose Mourinho kòm posib antrenè ki ka ranplase Mancini.

Ansyen antrenè a fè konnen li mande avoka l’ pran aksyon legal nesesè pou pwoteje repitasyon ak enterè l’ kont rezon responsab Inter de Milan yo site kòm baz revokasyon’n nan tèt klub la.

Toujou sou kontinan ewopeyen an FC Barselòn gen pou l’ jwe 2 match amikal chofe jarèt avan yo kòmanse kanpay kalifikasyon Lig dè Chanpyon Ewopeyen an. Barselonè yo ap rankontre nan New York klub Meksiken Chivas de Guadalajara 3 Out epi le 6 ya’p woule balon ak New York Red Bulls.

Lachin ak Kore du Nò kalifye pou demi final tounwa foutbòl feminen kap dewoule nan vil Ho Chi Minh . Lachin pilonnen Tayiland 5 a 1 pandan Nò Koreyen yo bimen Vyètnam 3 a 0.

Rezulta kèk match amikal : nan vil Londres, Irlande kale Kolonbi 1-0; match nul 1-1 ant La Oland ak Danmark.

Nan Lig football balon-won ameriken an, D-C United fè match nul 2 a 2 ak New England Revolution. Ekip Boston nan te remonte yon defisi 2 a 0 pou l’ konsève match nul la malgre plizyè tantativ DC United te fè pou chanje sitiasyon an.

Balon ap kontinye woule demen Samdi a nan Lig foutbòl balon-won ameriken an: Los Angeles Galaxie pral lakay Toronto Foutbòl klub. Houston Dynamo ap akeyi New York Redbulls. San Jose Earthquake pral lakay Real Salt Lake. Chivas USA pral mate balon ak Colonbus Crew epi Dimanch apre midi Colorado Rapids ap jwe kont Dallas.

XS
SM
MD
LG