Accessibility links

Breaking News

Trinidad and Tobago ap Akeyi yon Koup du Mond


Football

FIFA deside koup du mond klub yo ap dewoule Emira Arab Uni yo an 2009 e 2010. Tounwa a ap retounen nan peyi a an 2011 e 2012 kote li te kòmanse an 2005.

FIFA anonse koup du mond kadè kategori feminen an ap dewoule nan Trinidad and Tobago an 2010. Kategori maskulen an ap dewoule O Meksik an 2011 epi koup du mond Juniò nan Kolonbi nan menm ane a. Desizyon sa yo pran nan okazyon kongrè FIFA kap dewoule nan vil Sidney an Ostrali.

Seleksyon football ameriken an gen pou rankontre Angletè demen Mèkredi nan kad preparatif pou faz eliminatwa koup du mond Afrik du Sud 2010 la. Antrenè seleksyon Angle a Italyen Fabio Capello mande jwè yo pou pran rankont la oserye.

Prezidan FIFA a Sepp Blatter kontinye ap fè presyon pou redui kantite jwè etranje kap evolye nan klub lokal yo. Dapre dirijan football mondyal la klub yo dwe gen 6 jwè lokal ak 5 etranje an mè m tan sou teren pandan yon rankont--yon desizyon FIFA vle ranfòse sou yon periòd 3 zan.

Responsab klub football Eropeyen yo gen pozisyon diferan sou desizyon an. Pwojè a an kontradiksyon ak lwa Eropeyen sou lib sikilasyon travayè peyi manb Unyon Football Eropeyen an.

FIFA suspann pwovizwaman mezu ki te entèdi pou match football pa jwe an altitud a mwens ke ekip vizitè a gen ase tan pou l adapte l. Yon mezu ki fè kè fanatik bolivyen ak Ekwatè kontan. FIFA vle ranplase mezu a pou football pa jwe nan move kondisyon tankou gwo chalè, vag fredi epi polusyon.

Otorite football Irakyen anonse yo kanpe fè m sou desizyon pou disoud tout asosyasyon spòtif peyi a malgre FIFA bay football peyi a yon bwa long kenbe sou sèn spòtif mondyal. Revokasyon an rive apre diskusyon ki te genyen ant pati konsène yo pou konnen si yo dwe elu yon nouvo komite avan ou byen apre je zolenpik Peken yo. FIFA di lap leve sanksyon an lè gouvènman an retounen manb federasyon an nan pòs yo.. Irak, chanpyon an tit Azyatik la, ta dwe jwe pwochen match koup du mond Dimanch pwochen kont Ostrali.

Basketball

Detroit Pistons pilon-nen Boston Celtics 94 a 75 pou l mete seri 7 match konferans de Lès la a egalite 2 viktwa patou. Antonio McDyess make 21 pwen epi trape balon an 16 fwa pandan ke Richard Hamilton ajoute 20 pwen nan viktwa a. 2 ekip yo rankontre demen Mèkredi nan Boston. Aswè a nan konferans de Lwès la San Antonio Spurs ap akeyi Los Anjeles Lakers kap domine seri 7 match final la ak 2 viktwa 1 defèt.

XS
SM
MD
LG