Accessibility links

Breaking News

FIFA bay Irak yon Bwa Long Kenbe


Football

Federasyon Entènasyonal Foutbòl -la suspann ekip nasyonal Irak-la nan tout konpetisyon entènasyonal ..... e li anba menas pou-l pa pa patisipe nan faz eliminatwa mondyla ak Jeu Zolempik Peken-yo . Komite egzekutif FIFA-a pran desizyon -an jodi lendi-a pandan yon reunyon nan vil Sidne ann Ostrali. Desizyon sa-a se repons yon desizyon gouvènman irakyen-an pran sa pa gen lontan la-a pou kraze Komite Nasyonal Olempik irakyen-an ak tout federasyon spòtiv-yo. FIFA presize lap leve suspansyon-an depi gouvènman retounen sou desizyon-an.

An Itali AS Wòm suprann Inter de Milan ak yon viktwa 2 a 1 pou l ranpòte koup dItali a. An Frans Lyon ranpòte yon viktwa 1 a 0 devan Paris Sen Germen pou l ranpòte koup de Frans la apre yo finn ranpòte tit premyè divizyon an. Seleksyon Brezil ki gen pou jwe yon amikal Ozetazuni kapab pa gen meyè footballè sekeksyon akoz yon seri de jwè pap disponib tankou Ronaldhino, Kaka ak Ronaldo. Brezil gen pou jwe yon match amikal kont Kanada nan Seattle le 31 Me epi Venezuela le 6 Jwen nan Foxborro, Massachussetts. Kaka, meyè jwè FIFA pou ane a, kapab rate match kalifikatif koup du mond kont Paragwe le 15 Jwen epi Arjantin le 18 Jwen apre li finn subi yon operasyon nan jenou.

Nan Lig football balonwon ameriken an DC United efase 4 defèt afile yo sot subi nan lig la gras ak yon viktwa 3 a 2 yo ranpòte Samdi devan Toronto Raptors. Chicago Fire te ale nan New York kote li pilon-nen New York Red Bulls 5 a 1 yè Dimanch la epi Los Anjeles Galaksi kale Kansas 3 a 1.David Beckham figure pami vedeèt ki kontribue nan viktwa Lakers yo.

Volleyball

Seleksyon volebòl maskulen Alman an kalifye pou je zolenpik yo pou la premyè fwa an 36 zan apre viktwa tou mens 3 a 2 yo ranpòte devan Espay. 3 plas toujou disponib--pozisyon ki kapab ranpli nan pwochen tounwa volebòl ki gen pou dewoule semen pwochèn nan nan Portugal ak o Japon. Peyi ki deja kalifye yo se la Chin, Brezil, la Rusi, Bulgari, Ejipt, Sèbi, Etazuni ak Venezuela.

Tenis/ Roland Garos

Numewo 1 tenis mondyal-la kay mesye-yo , suis Roger Federer kalifye pou 2e tou apre viktwa-l an 3 sèt : 6-4, 6-4, 6-3 sou ameriken Sam Querrey. Federer ap chèche antre nan lis 6 jwè ki ranpòte tout garn Chelem-yo. Rolan Garos , se sèl gran Chelem suis-la poko ranpòte. Pami ti tèt de seri-yo , genyen Guillermo Canas (29) ki tonbe nan 3 tie-break devan amerikren Wayne Odesnik. Kalifikasyon pou tchèk Tomas Berdych , espayòl Fernando Verdasco ak konpatriyòt-li Fernando Gonzalez. Kay medam-yo : Sèb Jelena Jankovic(3) ak suis Patty Schnyder(10) kalifye. Jankovitch kale Monica Niculescu ( moun peyi Woumani) an 2 sèt : 7-6, 6-2. Schnyder li-menm elimine rus Ekaterina Bychkova an 2 sèt 6-3, 6-4. Ongraz Agnes Szavay ak italyèn Karin Knapp .

Polonè Agniezska Radwanska suprann rus Elena Dementieva 6-3, 6-2 pou l ranpòte tounwa tenis Istabul la.

Basketball

San Antonio Spurs toujou an vi nan final konferans de Lwès la apre yo danse sou Los Anjeles Lakers 103 a 84 yè Dimanch la pou mete seri a 2 viktwa kont 1 an favè Lakers yo. Manu Ginobili fè 30 pwen nan viktwa-a san bliye Tim Duncan ki make 22 pwen e Tony Parker ki make 20 pwen. Kobe Bryant make 30 pwennn pou Lakers-yio. 2 ekip yo ap rankontre demen Madi a toujou lakay San Antonio. Konferans de Lès la ap antre nan wo jodi a lè Detroit Pistons ap akeyi Boston Celtics. Boston ap domine seri a 2 viktwa kont 1 defèt.

La polis nan Gainesville an Florid arete Joakim Noah pitit jwè tenis franse Yannick Noah pou posesyon marijuana ak yon boutèy tafya. Noah, kap jwe nan Chikago Bulls, libere pwovizwaman apre li siyen yon dokuman kote li pwomèt pou prezante devan tribunal. Ansyen basketball Univèsite Florid la, kapab pase juska 6 mwa prizon epi peye yon amand 500 dola si la justis jwen li koupab.

Atletisme

Kourè Etyopyen Haile Gebrselassie patisipe nan kous atletis 10 mil mèt la Je FBK yo ki tap dewoule nan Hengelo an Oland. Etyopyen an fini 2 zièm dèyè meday darjan Olenpik Sileshi Sihine. Nan lòt konpetisyon Panameyen Irving Saladino sote 8 mèt 73 pou l ranpòte so an longè a. Bò kote meda m yo Kenyan Pamela Jelimo ranpòte kous 800 mèt la devan Baren Maryam Jamal. Chapyon mondyal an sal ameriken Lolo Jones ranpòte kous 100 mèt obstak la. Britanik Lee McConnell ranpòte kous 400 mèt la. Etyopyen Gelete Burka te nan tèt kourè Etyopyen ki fè koukouwouj nan kous 5 mil mèt la devan Meselech ak Belaynesh Fikadu.

Cyclisme

Siklis Italyen Emanuele Sella ranpòte 2 zièm etap an montay kous bisiklèt Itali a menm lè espayòl Alberto Contador toujou nan tèt klasman jeneral la.

XS
SM
MD
LG