Accessibility links

Breaking News

Sipriz Nan Pòtoprens: Bob Manuel Jwenn Plas Premye Minis la


Prezidan Rene Préval ta dwe soumèt ofisyèlman jodi a non Robert Manuel kòm nouvo Premye Minis pou ranplase Jacques Edouard Alexis ke Senatè yo te revoke sa pa gen lontan. Jounalis Jean-Robert Pierre-Louis, ki t'ap pale ak Lavwadlamerik maten an, di nouvèl la parèt byenta yè swa e se yon kou siprann pou anpil obsèvatè nan kapital ayisyèn nan.

Vrèman vre, jiska yè apremidi, non Bob Manuel pat site ditou pami favori yo. Nou te tande pale de Nimewo 2 Depatman Agrikilti a, Jonas Gué, ak Minis Planifikasyon an, Jn-Max Bellerive. Sepandan, sanble Prezidan Préval ak lidè 2 Chanm yo antann yo finalman, apre yon rankont nan Palè Nasyonal, sou chwa yon gwo konseye Chèf Leta a, anpalan de Msye Manuel.

Fè klik sou ralonj ki anlè foto a pou w tande jounalis Jn-Robert Pierre Louis, nan mikwo kolaboratè nou Jean Robert Philippe.

XS
SM
MD
LG