Accessibility links

Breaking News

Jn-Max Bellerive Nan Tèt Lis Posib Kandida Pou Plas Premye-Minis Ayiti a


Pwen k'ap domine aktyalite a nan peyi d Ayiti se re-aparisyon fenomèn kidnapping nan epi non k'ap site pou pòs Premye-Minis la. Jiskaprezan, poko gen anons ofisyèl, men yon rankont nan Palè Nasyonal aswè dimanch 25 me a ta kapab debouche sou yon chwa final. Moun ki sanble nan tèt lis la se Minis Planifikasyon an, Jn-Max Bellerive, malgre gen sous ki di Sektè Prive a pa fin twò renmen li. Lòt kandida posib se Nimewo 2 nan Ministè Agrikilti a, Jonas Gué.

Pou w koute yon repòtaj konfrè nou Jn-Robert Pierre-Louis, ki nan stasyon afilye nou Raio-Tele Ginen, fè klik sou ralonj ki anlè foto a.

XS
SM
MD
LG