Accessibility links

Breaking News

Demanti Ericq Pierre ki di li Pa Janm Akize Depite yo Kòmkwa yo Mele nan Koripsyon -- Epi Enkoni Kidnape yon Kanadyèn nan Pòtoprens


Ayiti Politik: Ansyen premye minis deziye a, Pierre Ericq Pierre, demanti pawòl k ap di kòmkwa li akize depite ki te vote kont nominasyon n nan deske yo mele nan koripsyon. Msiye Pierre pale pou l di –n ap site : « Pat gen okenn manm palman an ki te poze kondisyon pèsonèl pou l te apwouve kandidati m nan. » Ansyen kandida pou pòs chèf gouvènman an fè deklarasyon sa a pandan li t ap vizite vil Jeremi kote korespondan nou Luckner Laguerre ban nou plis detay

Yon lòt kote, nan Gonayiv, manm sosyete sivil la bay Prezidan René Préval konsèy pou l itilize bon sans lè l ap chwazi yon nouvo kandida pou pòs premye minis la. Korespondan nou Alfred Jean di nou moun ki pale nan non sosyete sivil la, se Mèt Marc-Antoine Saint Vil, pòtpawòl gwoup la. Daprè misye Saint-Vil, Prezidan Préval dwe pwopoze yon moun ki kapab satisfè bezwen pèp ayisyen an nan moman peyi a ap travèse yon peryòd kritik nan istwa l.

Pandansetan, nan vil Kap-Ayisyen, manmm gwoup CPP (Konsètasyon Palmantè Pwogresis) fè konnen le fèt ke yo pran kontak ak Prezidan René Préval sou kandidati yon nouvo premye minis, pa vle di yo dispoze apiye je-fèmen nenpòt ki chwa lidè ayisyen an ta mete devan yo. Korespondan nou Yvan Martin Jasmin di nou palmantè ki pale nan non gwoup la (Ronald Larèche -- depite Mont Organisé ak Capotille) fè konnen kontak sa yo koresponn ak yon egzijans kontitisyonèl e non pa yon dispozisyon bò kote senatè yo ak depite yo pou yo ta bliye wòl yo kòm yon fòs ki la pou fè balans ak Pouvwa Egzekitif la.

Nan vil Okay, chèf sivil MINUSTAH (Misyon Nasyonzini pou Estabilizasyon Ayiti) di, menmsi kominote entènasyoal la kenbe angajman li pran pou l ede Ayiti, li enpòtan pou otorite peyi a pran dispozisyon pou yo reyini kondisyon ki nesesè pou asistans sa a kapab efikas. Daprè korespondan nou Jean Hernst Eliscar, Hedi Hannabi pale konsa pandan yon vizit nan sid peyi a kote li t al pasitipe nan seremoni dekorasyon twoup militè irigweyen ki fè pati misyon l’ONU an.

Anfen, enkoni kidnape yon sitwayèn kanadyèn ki t ap travay pou gwoup asistans imanitè fransè "Médecins du Monde". Non viktim nan se Nadia Lefèvre.

Klike sou lyen anlè a pou devlopman nouvèl sa yo.

XS
SM
MD
LG