Football
Prezidan FIFA a mande yon reduksyon nan kantite jwè etranje kap evolye nan mè m nan klub yo pandan yon match football. Msye Blatter di li pral mande pwochen kongrè FIFA pou l adopte pwojè kontrovèse 6+5 la (6 jwè lokal ak sèlman 5 jwè etranje pandan yon match football.) Responsab FIFA a di a mwens ke yo fren-nen kantite jwè kap chanje nasyonalite yo prèske la mwatye pami 736 footballè kap patisipe nan koup du mond Brezil 2014 la-ap pran nesans o brezil.
Responsab la di jodia gen anviwon 6 mil footballè brezilyen ki kalifye pou jwe nan nenpòt lig football etranje--dapre yon deklarasyon ki publiye nan jounal Le Monde. Msye Blatter di li mize sou supò otorite politik ak spòtif yo pou kore inisyativ la.
FIFA kapab suspann federasyon football Kenya pou l pa patisipe nan oken aktivite entènasyonal apre otorite yo pa respekte delè 72 zhè pou te gen yon sèl federasyon football. Yon responsab FIFA fè konnen yo pral panche sou kesyon an demen Vandredi a pou konnen si yap pran desizyon bonè pou anpeche Kenya rankontre Namibi 31 Me kap vini la a nan kad match kalifikatif koup du mond Afrik du Sud 2010 la.
Nan kòmansman semen nan FIFA te mande 2 federasyon paralè l yo pou fè yon sèl federasyon apre kou Suprèm nan te kore federasyon ki gen apui gouvènman-yon desizyon ki pa an akò ak règleman FIFA ki pa dakò ak enjerans oken gouvènman nan zafè football.
3 footbalè Italyen kapab fè fas ak sanksyon sevè apre yo rate tès Ajans Anti Dopaj la te mande pou yo fè--donk Ajans la ap pote dosye a devan tribunal abitraj Mondyal la. Ajans la ak tout Tribunal la poko revele sanksyon yo kapab adopte kont footbalè yo.
Fanatik Manchester United selebre 3 zièm tit ekip la ranpòte nan lig dè chanpyon Eropeyen an apre yon final maraton li jwe kont Chelsea nan vil Moskou. United ranpòte rankont la sou tir de penalite 6-5 apre tan pwolongasyon an te fini 1 a 1. Fanatik Chelsea yo te move tankou kong apre defèt la te antre nan lese frape ak la polis nan yon katye nan vil Lond. Fanatik Manchester yo te desann sou beton an pou selebre viktwa a. Chelsea pat kapitalize sou penalite Cristiano Ronaldo te rate pandan seyans penalite a gras ak gadyen Olandè Edwin Van der Sar ki bloke yon penalite Chelsea. Tit sa a rive kèk semen apre Manchester United ranpòte champyona premyè divizyon Angle a.
La polis alman fè konnen li pare pou l al mete lòd nan dezòd si ta gen pwoblèm pandan dewoulman Koup dEròp dè Nasyon 2008 la ant la Swis ak Otruch., Otorite yo fè konnen anviwon 1,700 polisye kapab disponib sou òd polisye Swis ou byen Otruch.
Basketball
Aswè a final konferans de Lès la Boston Celtics pral chache yon 2 zièm viktwa lè lap rankontre Detroit Pistons nan Boston.
Kobe Bryant montre Tim Duncan sa l peze nan viktwa 89 a 85 Los Anjeles Lakers ranpòte nan premye seri 7 match final konferans de Lwès la fas a San Antonio Spurs. Paul Gasoil ajoute 19 pwen ki pèmèt Lakers remonte yon defisi pou ranpòte la viktwa. Tim Duncan make 30 pwen nan defèt San Antonio subi a. 2 belijeran yo ap rankontre demen Vandred a toujou nan Los Anjeles kotre Lakers yo poko pèdu oken rankont nan faz final la.
Tennis
Slovèn Katarina Srebotnik ak chanpyon sòtan an espayòl Anabel Medina-Guarigues kalifye pou semi final tounwa tenis entènasyonal kap dewoule nan Strasbourg an Franse. Strebotnik te bezwen 2 manch pou elimine chinwa Peng Shuai 6-4, 7-5 pou l al rankontre taiwanè Chang Yung-jan ki pat rankontre difikilte pou l tronse japonè Ai Sugiyama. Bò kote pa l Medina-Guarigues kalifye byen fasil apre Italyen abandone rankont la.
Nan Istanbul kote tounwa tenis ap dewoule Rus Elena Dementieva wouze ak kout rakèt ameriken Jill Craybas 6-1, 6-4 pou l pase nan semi final la e rankontre Uzbèk Akgul Amanmuradova. Lòt kalifye pou semi final la se Polonè Agnieszka Radwenska ki elimine Slovèn Andreja Klepac 1-6, 6-2, 6-4. Polonè a pral rankontre Bulgar Tsevatana Pironkova 7-6, 7-6.