Accessibility links

Breaking News

Plizyè Footballè Trinidadyen Asiyen Federasyon an


Football

15 footbalè Trinidadyen pou pipiti asiyen federasyon football peyi a pou l peye yo 50 pou 100 pwofi lajan seleksyon an te antre pou patisipasyon yo nan koup du mond Almay 2006 la. Gouvènman Trinidadyen an di pa gen sa pyès e yo te sèlman resevwa 28 milyon dola pwofi pou koup du mond la. 2 pati yo te dakò pou sèvi ak yon entèmedyè an Angletè kote pifò jwè seleksyon ap jwe olye pou gen yon pwosè nan tribunal. Entèmedyè a fè konnen jwè yo gen dwa ak yon pati nan resèt la. Yon juj gen pou anonse konbyen lajan footbalè yo ap resevwa an Jwen. Jack Warner vis prezidan FIFA deklare nan yon chèn televizyon lokal federasyon an kapab chache justis si yo pa dakò ak desizyon tribunal la. Pou fini msye Warner di se tout moun kap pèdu.

Antrenè seleksyon football ameriken an Bob Bradley publiye lis 22 jwè ki prale nan vil Lond pou afwonte Angletè le 28 Me nan stad Wemble a. Pifò seleksyone yo ap evolye a letranje patikilyèman an Eròp. Ameriken yo gen pou rankontre Espay le 4 Jwen avan yo rankontre Arjantin nan New York. 48 mil tikè deja vann pou rankont sa a. Ameriken yo ap kòmanse kanpay koup du mond la le 15 Jwen fas a Barbad.

Nan kèk èd tan balon pral woule nan vil Moskou ant 2 jeyan football Angle--Manchester United ak Chelsea nan okazyon final Lig dè Chanpyon an. Se premye fwa 2 klub angle ap rankontre nan final konpetisyon an. Anviwon 40 mil fanatik angle deja sou plas pou chofe ekip yo. La polis pran tout dispozisyon pou kase fe machann dezagreman kap pare pou fè dezòd avan e apre rankont la. Rankont ap dewoule a 10 zhè 45 nan Moskou- 8 thè 45 pou kontinan Eropeyen an--2 zhè 45 pou nou menm pa bò isit la e 1 hè 45 pou Ayiti. Rankont la kapab fini douvanjou si gen pwolongasyon. Se premye fwa Chelsea rive nan final konpetisyon an aloske Manchester United ap chache yon 3 zièm tit. Venkè rankont kapab ranpòte anviwon 166 milyon dola. Rankont la gen yon enpòtans pou fanatik yo nan vil Moskou akoz klub Chelsea se pwopriyete milyadè Rus Roman Abramovich.

Seleksyon football Turki a ranpòte yon viktwa tou mens 1 a 0 devan Slovaki nan okazyon yon match amikal ki dewoule an Almay. Rankont sa a figure pami 3 Turk yo gen pou jwe kont Urugwe le 25 Me epi Findland 4 jou apre avan yo mete tèt pou la Swis kote yo pral patisipe nan Koup dErop dè Nasyon an. Turk yo ap jwe premye rankont kont Portugal nan Bal le 7 Jwen.

Lig Football Zèpòl kare ameriken an anonse vil Indianapolis ap akeyi 46 zièm edisyon final Superbowl la 5 Fevriye 2012. Indianapolis ap konstrui yon stad an sal kap koute prèske 800 milyon dola. Final la 2010 la ap dewoule nan Tampa an Florid epi 2011 la nan Dallas.

Basketball

Boston Celtics te fè defans Detroit Pistons an wè tout koulè nan okazyon premye nan seri 7 match final konferans de Lès la ki jwe yè swa nan Boston. Celtics yo ranpòte rankont la 88 a 79 gras ak 22 pwen Paul Pierce make. 2 ekip yo ap rankontre demen Jedi a pou 2 zièm rankont yo kap dewoule toujou nan Boston. Aswè a verite pral sou tanbou ant 2 meyè ekip konferans de Lwès lè chanpyon sòtan an San Antonio Spurs ap rankontre Los Anjeles Lakers.

Tiraj osò pou nouvo rekru yo dewoule yè swa kap bay klub posibilite pou rekrute amatè, pwofesyonèl lokal e etranje ak objektif pou ranfòse ekip yo. Chikago Bulls, ki pase yon move sezon kapab seleksyone ant numewo 1 ou numewo 2 Univèsite yo tankou Michael Beasley ki soti nan Kansas ou byen Derrick Rose ki soti nan Univèsite Memphis. Miami Heat ki nòmalman ta dwe seleksyone numewo 1 ap kontante l de seleksyone 2 zièm jwè a aloske Minnesota Timberwelves ap seleksyone 3 zièm jwè a. Dapre responsab yo nan NBA a 91 jwè enskri pami yo 69 jwè univèsitè ak lòt enstitusyon prive-22 jwè ap evolye a letranje. Tiraj osò a ap dewoule 26 Jwen.

XS
SM
MD
LG