Etazini-Eleksyon: Elektè nan Eta Oregon ak Kentucky, ap jete bilten jodi madi 20 me a nan kad eleksyon primè Pati Demokrat la. Alòske sondaj yo montre Senatè Hillary Clinton devan Senatè Barack Obama nan Kentucky, anpil obsèvatè politik panse, aprè 2 primè sa yo, yon moun ta dwe konnen kilès nan 2 kandida yo ki genyen avantaj matematik definitif la pou l ranpòte nominasyon pati a. Pandansetan, kandida repibliken an, Senatè John McCain, pa sispann lanse atak klè e piblik kont Senatè Obama ki deja parèt, nan je misye McCain, kòm kandida ki pral kanpe an fas li nan eleksyon prezidansyèl novanm pwochen an.
Klike sou lyen anlè a pou w koute repòtaj nou sou nouvèl sa yo.