Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Ericq Pierre Pale avèk VOA Aprè Chanm Bas la te Rejte Nominasyon n pou Pòs Premye Minis la. -- Epi Eleksyon an Repiblik Dominikèn


Pòtoprens: Nan yon entèvyou avèk Lavwadlamerik, kandida malere pou plas premye minis la, Ericq Pierre, fè konnen palman ayisyen an ap jwe ak avni peyi a e li pa deside patisipe nan jwèt sa a. Misye Pierre fè deklarasyon sa a nan premye reyaksyon li bay aprè chanm bas Palman Ayisyen an te vote pou rejte nominasyon li pou pòs chèf gouvènman an. Misye Pierre reponn kesyon Jean Pierre Leroy.

Santo-Domingo : Jodi vandredi 16 me 2008 la, se jou eleksyon prezidansyèl nan Repiblik Dominikèn. Daprè premye nouvèl yo, elektè dominiken yo ap patisipe an grand kantite nan vòt la, e se yon chif rekò enfòmasyon yo rapòte pou sitwayen peyi a k ap viv a letranje, ki fè devwa sivik yo nan okazyon an. Paul Emile Antoine, yon ayisyen k ap viv nan peyi panyòl, di kijan sitiyasyon an ap evolye. Yon lòt kote, kesyon ap poze pou mande eske Dominiken ki gen orijin ayisyèn yo, kapab patisipe nan eleksyon sa a? Nou genyen opinyon anbasadè Dominiken an nan Pòtoprens, José Serulle Ramilla, ak ansyen konsil ayisyen nan Repiblik Dominikèn, Pè Edwin M. Paraison.

Klike sou lyen anlè a pou w koute detay nouvè sa yo.

XS
SM
MD
LG