Accessibility links

Breaking News

Dominiken Ki Gen Orijin Ayisyen Fè Tande Vwa yo Nan Eleksyon 16 Me a Nan Repiblik Dominikèn


Eleksyon jeneral pral dewoule demen vandredi a nan Repiblik Dominikèn e kominote ayisyèn nan nan peyi Panyòl swete va gen pi bon rapò ant Pòtoprens ak Santo-Domingo, apre vòt sa a.

Pè Edwin Paraison, ki se ansyen Konsil Ayiti nan Sendomeng, di Dominiken benefisye anpil nan enstabilite ki egziste ann Ayiti depi apeprè 5 an, e kèlkeswa venkè eleksyon 16 me a, fòk ta gen yon chanjman nan diskou pouvwa dominiken an vizavi lòt mwatye il Hispaniola a.

Sondaj yo prevwa ke Prezidan Leonel Fernandez ka ranpòte yon lòt manda, sepandan kandida PRD a, Miguel Vargas, gen anpil fòs, sitou nan rejyon Nò a e nan mitan kouch defavorize yo.

Fè klik sou ralonj anlè foto a pou w koute repòtaj nou an.

XS
SM
MD
LG