Accessibility links

Breaking News

Prezidan Sena Ayisyen an Mande Prezidan Preval Parèt ak Yon Nouvo Premye Minis


Prezidan Asanble Nasyonal Ayiti a, Doktè Kelly Bastien mande Prezidan peyi a, René Préval, pou li akselere efò pou chwazi yon nouvo Premye Minis. Korespondan nou Rotchild Francois Jr. di nou Senatè Bastien lanse apèl sa a yon jou apre Chanm Depute a fin rejte kandidati Ericq Pierre kòm Premye Minis.

Reprezantan Sidès la nan Sena ayisyen mande otorite yo asistans teknik pou peyizan yo kapab amelyore pwodiksyon nasyonal la. Korespondan Vwadlamerik nan Jackmel se Jean Martinez:

Lòt nouvèl Ayiti: Otorite responsab la sante yo lanse yon kanpay vaksinasyon ki vize adolesan yo. Yon korespondans Luckner Laguerre depi vil Jérémie.

Si w vle koute repòtaj sa yo an detay, fè klik sou ralonj ki anlè foto a.

XS
SM
MD
LG