Accessibility links

Breaking News

Yon Judoka Kuben ap Rate je Zolenpik yo


Atletisme

Delegasyon Kuba ki sot patisipe nan konpetisyon Judo nan Miami retounen san youn nan meyè Atlèt ekip la. Yurisel Laborde, ki te ranpòte meday de bronz nan je zolenpik 2004, te abandone ekip la Dimanch apre midi malgre li kalifye pou je zolenpik yo.

2 judoka ayisyen kalifye pou patisipe nan je Olenpik yo kap dewoule ane sa a nan vil Peken an Chin dapre deklarasyon Ernst Laraque, prezidan Federasyon Judo ayisyen an

Basketball

Basket pwofesyonèl Ozetazuni. Seri demi-final-yo ap kontinye e, yè swa, nan konferans-de-lès-la, Cleveland Cavaliers egalize ak Boston Celtics gras ak yon viktwa 88 a 77. chak ekip ranpòte 2 viktwa, konsa tou yo subi 2 defèt yo chak . 2 belijeran yo ap rankontre demen Mèkredi a nan Boston. Venkè seri a pral rankontre Orlando Majik ou byen Detroit Piston kap jwe aswè-a. Detroit ap domine seri a ak 3 viktwa kont 1 defèt--- Ki donk Detroit kapab kalifye pou final rejyonal-la (ou demi-final nasyonal) si li kale match aswè-a.

Jodi a tou , nan konferans de Lwès la San Antonio Spurs ap fè yon kout pye lakay New Orleans Hornets. Seri-a 2 pa-tou . E demen , gen yon lòt gwo rande-vou nan konferans de Lwès-la kote Kobe Bryant ak Los Anjeles Lakers ap akeyi Utaj Jazz pou 5e match nan seri pa-yo-a.

Football

Nan foutbòl, antrenè Manchester United-la, Alex Fergusson, resevwa pri meyè antrenè angle pou ane a. Fergusson, ki sot ede Manchester United ranpòte yon 10 zièm tit, gen 22 zan nan tèt ekip Angle a. Manchester United ap rankontre Chelsea nan final Lig dè chanpyon Eropeyen an 21 Me nan vil Moskou.

Foutbòl Toujou : Yon ansyen seleksyonè onz fransè a, Roger Lemerre, pral antrene seleksyon nasyonal foutbòl peyi Mawòk-la. Lemerre pral ranplase konpatriyòt-li Henri Michel. Lemerre ap pran kontwòl ekip-la premye juyè avèk objektif pou l’ede-l kalifye pou Mondyal 2010-la ann Afrik du Sud. Michel kite Mawòk apre eliminasyon ekip-la bonè nan Koup Dafrik dè Nasyon-an nan kòmansman ane-a.

Tennis

Nan tenis: espayòl Fernando Verdasco tounen premye jwè ki kalifye pou 3e tou tounwa seri dè mèt Hambourg-la kap dewoule nan peyi Almay. Verdasco kouri ak fransè Michael Llodra nan 2 sèt : 6-2, 6-0. Nan 3e tou sa-a, Verdasco ap rankontre ak konpatriyòt-li David Ferrer ki elimine tchèk Ivo Minar 6-3, 6-3. Yon lòt kalifye ankò... se rus Nikolay Davydenko.

XS
SM
MD
LG