Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Reyaksyon Sou Move Kanè Ericq Pierre Pran Nan Chanm Depite a


Prezidan ayisyen an René Préval ap chache yon nouvo Premye Minis apre Chanm Depute a rejte kandidati Ericq Pierre nan yon vòt ki dewoule yè swa. Korespondan nou Rotchild François, Jr. gen detay depi Pòtoprens.

Desizyon Chanm Depute ayisyen an pran pou l rejte nominasyon Ericq ̈Pierre kòm Premye Minis pa siprann anpil analis politik ki byen konnen sitiyasyon Ayiti a. Robert Bénodin se youn ladan yo.

Pandansetan, responsab nan chanm komès la fè yon seri rekòmandasyon pou pwochen gouvènman an, apre yon rankont ki te dewoule pandan weekend nan. Men ak nouvo devlòpman aktyalite a, yo poko konnen kilè gouvènman sa a pral antre an fonksyon. Korespondan nou Jn-Hernst Eliscar te rankontre yon patisipan nan vil Okay, nan rejyon sid Ayiti.

Fè klik sou ralonj anlè foto Ericq Pierre la pou w ka koute repòtaj sa yo an detay.

XS
SM
MD
LG