Accessibility links

Breaking News

Tranbleman'tè Nan Peyi La Chine: Viktim yo Ka Rive 10 Mil Mò


Otorite chinwa yo di omwen 10 mil kretyen-vivan pèdi lavi nan youn nan pi move tranbleman'tè ki frape rejyon santral La Chine lendi 12 me 2008 la. Dapre ajans Chine Nouvèl (Xinghua) nan Beichuan sèlman --yon distri nan pwovens Sichuan--ant 3 ak 5 mil moun ta mouri nan katastwòf la. Responsab lokal yo fè konnen omwens 80 pousan bilding nan rejyon an kraze e, selon korespondan Lavwad'lamerik Stephanie Ho, plis pase 10 mil moun ta blese nan tranbleman'tè a ki frape an plen midi, lè lokal, e fòse otorite yo evakue tout bilding nan kapital chinwa a, Peken.

Nan yon entèviou pa telefòn, direktè adjwen biwo ki okipe kataklism tankou tranbleman'tè, Deng Changwen, di televizyon santral chinwa a, yo lokalize episant sekouss la a 90 kilomèt vil Chengdu, kapital pwovens Sichuan nan. Li endike seyism nan koupe tout rezo kominikasyon nan rejyon li frape yo, sa ki anpeche otorite yo detèmine eta sitiasyon an. Selon Chine Nouvèl, plis pase 900 timoun bloke anba debri lekòl yo ki efondre nan Dujiangyan, yon vil ki 100 kilomèt ak episant tranbleman'tè a. Toujou dapre Chine Nouvèl, sekouris yo retire 60 kadav anba debri lekòl la. Premye minis chinwa a, Wen Jiabao, ale sipèvize operasyon sekou nan rejyon sinistre yo. Li deklare gouvènman chinwa ap nan tèt efò sekou yo e pral fè yon sèl ak pèp la pou ede l' simonte sa li rele ''yon gwo dezas grav''.

Msye WEN di dirijan chinwa yo pa pè sakrifye vi yo ni pè komèt erè. Gouvènman an voye sòlda al ede nan operasyn sekou yo. Plizyè peyi nan rejyon Azi a, pa ekzanp, vil Bangkok, nan Tayilnn, ki a 3 mil 500 kilomèt o sud vil Peken ak Peken, li-menm, ki a mil 500 kilomet onò pwovens Sichuan nan, te santi sekouss la.

XS
SM
MD
LG