Accessibility links

Breaking News

Yon Dizièm Tit pou Manchester United


Football

Cristiano Ronaldo ak Ryan Giggs make yon gòl yo chak nan viktwa 2 a 0 Manchester United ranpòte deevan Wigan an mè m tan ranpòte yon 10 zièm tit an 16 zan nan lig football pwofesyonèl Angle a.

Isit Ozetazuni New England Revolution kale Chivas USA 2 a 1 nan lig football balonwon ameriken an.

Antrenè Manchester City swedwa Goran Ericksson gen pou ale nan Tailand demen Madi a pou konnen si wi ou non lap pèdu djòb la. Manchester City tonbe fas anba 8 a 1 devan Middlesbrogh yè Dimanch la.

Bò kote pa l antrenè FC Barselòn nan Olandè Frank Rijkaard eksprime tristès li apre defèt 3 a 2 Barselòn su bi a domisil devan Real Mallorca.

Nan yon jefò pou atire final lig dè chanpyon an nan stad Wemble an 2011, otorite Angle yo fè konnen nenpòt ekip etranje ki ta kalifye pou final la pap peye taks. Dapre règleman yo tout footbalè etranje kap patisipe nan yon match an Angletè dwe peye taks sou lajan li resevwa. Responsab football Eropeyen yo manifeste entansyon pou pèmèt final la dewoule an Angletè men yo ezite akoz lwa ki takse footbalè etranje yo. Nap raple an 2005 Milan AC te jwe final la kont Juventus de Turen nan Old Strafford la men jwè yo pat peye oken taks. Defansè seleksyon franse Lilian Thuram di li espere kontinye woule balon nan FC Barselòn ane pwochèn malgre responsab yo kapab pa renouvle kontra l nan fen mwa Jwen an.

Volebòl

Federasyon Volebbòl Entènasyonal la jwen sa l konsidere yon desizyon istorik nan regularize kantite jwè etranje kap jwe pandan yon rankont. Rankont ki dewoule jjodi a nan vil Lauza n an Swis fikse a 2 kantite jwè etranje ki sou teren an an mè m tan pou yon klub. Sistèm nan ki rele 4 plus 2 fè pati kanpay kap men-nen pou pèmèt klub volebòl rete fò finansyèman. Federasyon an espere nouvo règleman yo ap pèmèt jwè lokal yo patisipe nan tounwa Eropeyen ak klub yo. Nouvo règleman yo limite sèlman kantite jwè etranje ki sou teren an men pa kantite jwè ki fè pati yon klub volebòl.

Basketball

Utah Jazz kale Los Anjeles Lakers an pwolongasyon 123 a 115 pou l mete seri 7 match la a egalite 2 viktwa patou nan semi final konferans de Lwès la. San Antonio Spurs domine New Orleans Hornets ak yon viktwa 100 a 80 pou mete seri 7 match la a egalite 2 viktwa patou.. Aswè a semi final konferans de Lès la ap mete fas a fas Cleveland Cavaliers fas a Boston Celtics. Ekip Boston nan ap domine seri a 2 a 1. Detroit Pistons kapab kalifye demen Madi a si l kale Orlando Majik. Piston ap men-nen 3 a 1 nan seri 7 match la.

Atletisme

Yon dam ki fè pati ekip olenpik Judo Kuba a nan Miami fonn tankou bè yè Dimanch la. Ekip Kuba a tap patisipe nan yon tounwa kalifikatif pre Olenpik pou je zolenpik Peken yo.

Tennis

Jwè tenis Sèb Novak Djokovic te bezwen 3 manch4-6, 6-3, 6-3 pou l kale Swis Stanislas Wawrinka pou l kapab ranpòte tounwa tenis dè mèt Rom nan an Itali.

Atletisme

Machè Rus Denis Nizhegorodov ranpòte konpetisyon koup du mond march ki tap dewoule nan Cheborksary an Rusi.

XS
SM
MD
LG