Accessibility links

Breaking News

Kominote Entènasyonal la Ap Fè Presyon Pou Birmani Fasilite Debakman Ekip Sekou yo


Kòmandan fòs militè Lèzetazini nan Pasifik la, Amiral Timothy Keating, fè konnen li voye avyon ak twoup nan Tayiland, pou fè preparasyon ki nesesè pou pote asistans nan peyi Birmani,si gouvènman militè peyi sa a dakò pou sa fèt. Nan yon entèvyou Amiral Keating bay VOA, li fè konnen li genyen 2 ofisye siperyè ak yon demi-douzèn avyon nan Tayiland, tandiske divès bato-de-gè swa deja rive nan rejyon an, swa nan wout pou zòn nan, avèk kèk fòs operasyon espesyal e pwovizyon sekou.

Manm pèsonèl ak ekipman sa yo te deja nan rejyon an nan kad preparasyon pou egzèsis lame amerikèn nan fè chak ane ak kat peyi azyatik, men Amiral Keating di otorite responsab yo gen dwa chanje plan an pou yo fè twoup ak materyèl sa yo patisipe nan yon misyon sekou. Sepandan, Amiral Timothy Keating kontinye pou l di jiskarezan RANGOON poko soumèt okenn demand nan sans sa a.

Byen bonè jodi jedi a, yon pòt-pawòl anbasad amerikèn nan nan Bangkòk, Tayiland, te anonse ke Birmani te bay apwobasyon n pou misyon sekou sa a antre nan peyi a; men pi ta nan matine a, li pat sèten ke rejim militè a dakò pou plizyè avyon lame amerikèn --yon seri aparèy C-130-- ateri ak kèk gwo chajman pwovizyon sekou.

Pandansetan, anbasadè fransè a nan L'ONU, Jn-Maurice Ripert, deklare Lafrans swete Konsèy Sekirite a pral panche sou dosye Birmani an jodi jedi a.

Pou w koute repòtaj nou an ak deklarasyon diplomat fransè a, fè klik sou ralonj ki anlè atik la.

XS
SM
MD
LG