Accessibility links

Breaking News

Nouvo Premye-Minis Ayiti a Ta Kapab Ratifye Nan Sena a Anvan Fen Semèn nan


Ann Ayiti, yon manm nan Sena a fè konnen msye Ericq Pierre, ke Prezidan René Préval chwazi kòm nouvo Premye Minis, kapab jwenn ratifikasyon n nan Gran Kò a disi mèkredi, si tout kondisyon yo ranpli. Yon korespondans Rotchild François, Jr. depi Pòtoprens.

Pandan Palmantè ayisyen yo ap pare pou yo travay sou ratifikasyon Premye Minis Deziye Ericq Pierre, opinyon an parèt divize sou chwa sa a, menmsi tout Ayisyen ki pale ak Lavwadlamerik swete wè pwochen gouvènman an reyisi, pou kriz Ayiti ap travèse a ka kòmanse jwenn solisyon. Kèk reyaksyon ki fèt nan Florid....avèk korespondan nou Yves Mompremier:

Anfen, nan kad kanpay lapolis nan Gonayiv ap mennen pou arete moun ki enplike nan zak kriminèl nan rejyon an, responsab yo mete men sou youn nan sispèk yo te plis ap chèche yo. Alfred Jean di nou prevni an anba akizasyon pou plizyè move zak.

Pou w ka tande repòtaj sa yo, fè klik sou ralonj ki anlè foto a.

XS
SM
MD
LG