Sekretè-deta ameriken an Condoleezza Rice ak Prezidan palestinyen an Mahmoud Abbas rankontre dimanch nan Ramallah, Sisjòdani, e yo tou lè 2 deklare li posib pou gen yon akò lapè ant Izrayèl ak Palestinyen yo. Prezidan Abbas di entansyon yo se tonbe dakò sou tout kesyon ki pi enpòtan yo e se sa yap chache. Si sa pa posib, lè sa a ya konsidere ki etap yo dwe suiv. Kounye a yo pa vle panse sou echèk.
Youn nan pwen kap bay pwoblèm alèkile se konstriksyon Izrayèl ap kontinye fè sou tè Palestinyen yo. Condoleezza Rice di kanta pou koloni pèpleman yo Etazini toujou kwè aktivite sa yo kontrè ak obligasyon Izrayèl nan kad plan yo rele mach-a-suiv pou lapè nan MwayennOryan an. Anvan sa nan jounen dimanch la, madam Rice te rankontre manm gouvènman izrayelyenan.
Pandansetan, Premye Minis izrayelyen an Ehud Olmert reponn akizasyon koripsyon kap peze sou do li e sou enpak sa ta ka genyen. Nan kòmansman Seyans Konsèy dè Minis dmanch la, msye Olmert di envestigasyon kap fèt la pwovokle yon vag rimè ke li dekri kòm mechan e mal-entansyone. Malgre tou, Ehud Olmert kwè sa pap anpeche li negosye ak Palestinyen yo.
Dirijan opozisyon an ann Izrayèl ap reklame demisyon Premye Minis Ehud Olmert e laprès izrayelyèn kwè nouvo akizasyon yo tèlman grav ke li ka oblije kite pouvwa a.