Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Plis Kontak ant Gouvènman an ak Divès Sektè nan Kad Demach pou Palman an Apwouve Chwa Nouvo Premye Minis la


Nan peyi Dayiti, kontak kontinye fèt ant gouvènman sòtan an ak divès sektè nan kad demach ki nesesè pou 2 chanm palman an apwouve nominasyon Ericq Pierre pou pòs premye minis la. Yon lòt kote, aprè Chanm Depite a fin vote nouvo pwojè-lwa elektoral la, dokiman an al jwenn Sena a pou menm fòmalite a. Se konsa, senatè yo resevwa anpil apèl pou yo pa pèdi tan pou yo fè deba e vote pwojè-lwa a, nan moman pa rete lontan pou yon tyè gran kò a kite pòs yo.

Pou w gen detay sou nouvèl sa yo avèk korespondan nou nan Pòtoprens, klike sou lyen anlè a.

XS
SM
MD
LG