Accessibility links

Breaking News

Sekretè Jeneral l'OEA, José Miguel Insulza, Mande Solidarite Entènasyonal pou Ayiti


Ayiti-OEA: Sekretè Jeneral Oganizasyon Eta Ameriken (OEA), José Miguel Insulza, twouve li nan tèt yon delegasyon ki rive Ayiti Jedi 24 avril 2008 la. Daprè kontak VOA pran ak Reprezantan Pèmanan Ayiti nan l'OEA a, Anbasadè Dully Brutus, misyon sa a genyen diplomat divès peyi ladan --pami yo, nou jwenn Lèzetazini, Meksik, Kanada, Ajantin, elatriye. Objektif vizit la, se pote apui òganizasyon rejyonal la bay Prezidan René Préval ak pèp ayisyen an aprè seri mouvman pwotestasyon kont lavi chè a ki te fè kèk mò ak gwo dega nan peyi a sa pa gen lontan.

Yon lòt kote, Prezidan Préval kontinye pran kontak ak divès sektè sou nominasyon yon nouvo Premye Minis. Nouvèl yo fè konnen nominasyon sa a kapab fèt anvan fen semenn nan. Anfen, lapli ki tonbe anpil sou Pòtoprens nan jou ki pase yo -e espesyalman jedi 24 avril 2008 la-- koze lanmò ak gwo dega nan kapital la.

Pou detay nouvèl sa yo, klike sou lyen anlè a.

XS
SM
MD
LG