Accessibility links

Breaking News

Hillary Clinton Bat Barack Obama Nan Pennsilvani Men Pwochen Etap Yo Ka Difisil Pou Senatè New-York la


Etazini-Politik: Hillary Clinton, youn nan 2 kandida Pati Demokrat la pou pòs Prezidan an, ranpòte eleksyon primè Eta Pennsilvani an, sa ki pèmèt li rete toujou nan kous pou La Mezon Blanch la. Senatè New York la, ki se yon ansyen premyè dam amerikèn, ranpòte laviktwa sou rival demokrat li a, Senatè Barack Obama, ak yon maj 10 pou san. Aprè li te fin parèt klè se li-menm ki genyen primè Pennsilvani an, Sentanè Clinton te pran lapawòl nan vil Filadelfi devan yon foul patizan, pou l remèsye yo pou apui yo, e pran angajman pou l kontinye batay la, malgre tout apèl lap resevwa pou l kite sa. Li fè konnen, gras ak apui elektè Pennsilvani yo, van an ap soufle nan yon lòt direksyon kounye a.

Senatè Clinton di: “Wout kap mennen nan Nimewo 1600 Aveni Pennsilvani, (kidonk, nan palè nasyonal la) se yon wout ki long; e wout sa a pase egzatteman nan kè Eta Pennsilvani. Sete yon moman lajwa pou Hillary Clinton, yon kandida ki lwen dèyè rival li a ni pou kantite delege, ni pou kantite vwa l’ranmase atravè peyi a, ni pou kòb li bezwen pou l kontinye mennen kanpay la. Nan diskou manmzèl fè pou l aksepte viktwa a, li pale de defi ki devan n toujou e li fè yon bagay li pa abitye fè lè li lanse apèl pou l mande elektè yo pote kontribisyon yo bay kanpay li a.

Kèk moman aprè diskou Senatè Clinton nan, Senatè Barack Obama te pran lapawòl pou l fè manmzèl konpliman pou viktwa li a nan Pennsilvani. Obama atire atansyon pèp la sou le fèt ke se li-menm ki devan toujou nan kous pou nominasyon Pati Demokrat la. Li fè moun sonje tou, nan kòmansman kanpay la nan Pennsilvani, Hillary Clinton te genyen yon avans anviwon 20 pwen nan entansyon vòt yo.

Senatè Obama di: “Anpil moun te panse nou pa tap kapab kenbe konkirans-la, nou pa tap ka fè bèl figi konsa, lè kanpay Pennsilvani an te kòmanse. Yo te panse yo tap bat nou a plat kouti. Men, nou te travay rèd, nou te vwayaje atravè tout eta a, nan grand vil yo, nan ti vilaj yo, nan faktori yo, nan lopital ak rezidans veteran lagè yo. E kounye la a, 6 semèn aprè, nou rive redui eka a. Nan moman biwo vòt yo tap fèmen, Senatè Barack Obama te pran avyon pou l ale nan eta Indiana ki pral ̈òganize pwochen eleksyon primè a ansanm ak eta Kawolin di Nò. Pami tout eta ki rete pou òganize primè yo, se Kawolin di Nò ki gen pi gwo kantite delege, e Obama devan nan eta sa a. Kous la sere nan Indiana. Jou "J" a se madi 6 me 2008 la.

Koute repòtaj sa a: Fè klik sou ralonj anlè tèks la.

XS
SM
MD
LG