Accessibility links

Breaking News

Pap Benwa XVI Pral Pran Lapawòl nan l'ONU nan 2èm. Faz Vizit Li o Zetazani


Pap Benwa XVI kite Washington pou New York vandredi 18 avril la byen bonè nan maten pou l kòmanse 2èm etap yon vizit ofisyèl l ap fè o Zetazini. Pandan Souvren Pontif la nan New York, li gen pou l pran lapawòl devan Asanble Jeneral l'ONU an, rankontre ak Sekretè Jeneral òganizasyon mondyal la, Ban Ki-moon, kèk manm pèsonèl la, anvan li al vizite yon legliz katolik (Legliz Sen Jozèf) ak yon sinagòg jwif nan apremidi.

Jedi 17 avril la, nan yon mès an plennè Sen Pè a chante nan Nationals Park, yon estad bezbòl nan Washington, li pale kont abi seksyèl kèk prèt katolik komèt sou timoun e li priye pou gerizon viktim yo. Nan apremidi, Pap la te fè yon rankont nan lokal Anbasad Vatikan an nan kapital Lèzetazini an avèk yon gwoup viktim sa yo.

Pou w koute yon repòtaj sou vizit Pap la o Zetazini, klike sou lyen anlè a.

XS
SM
MD
LG