Pap Benoît 16 ekzòte plizyè dizèn milye fidèl katolik pou yo reviv fwa, esperans ak inite yo pandan yon mès “en plein air” li selebre jedi maten 17 avril 2008 la nan Washington, D.C. Chèf Legliz Katolik womèn nan di fidèl ki te ransanble nan nouvo stad bezbòl kapital federal amerikèn nan (National Park) ke ya’p viv yon moman “gwo pwomès”, men li lanse avètisman pou di vyolans, materyalism ak valè moral yo kap deklinen se kèk gwo defi pou fwa katolik la.
Omwens 45 mil moun te pran plas nan stad la pou wè Pap Benoît 16 alokazyon premye vizit lap fè Ozetazuni kòm chèf Legliz Katolik la. Souvren Pontif la eksprime regrè pou eskandal pè ki te abize timoun Ozetazuni e’l mande gerizon pou viktim yo. Souvren Pontif la eksprime tou kè sote pou sa li
konsidere kòm “destruksyon enkyetan” baz sosyete a--tankou pa ekzanp: move kondisyon sosyal kap detwi imanite kretyen vivan, ogmantasyon vyolans ak tandans pou zòt bliye ekzistans Bondye.
Li ekzòte lidè katolik yo ankouraje lafwa, esperans ak inite nan yon kilti kap vinn pi monden e pi materyèl de jou an jou.
Fè yon klik sou ralonj ki anlè atik la pou plis detay sou mesaj Souvren Pontif la avèk Jacques Jn-Baptiste, Serge Rodriguez ak Jean-Pierre Leroy