Accessibility links

Breaking News

Ekriven & Poèt Matinikè Aimé Césaire Mouri nan Fort-De-France. Li Te Gen 94 Zan


Poèt martinikè Aimé Césaire, on gran pèsonaj politik é moral nan Mond Karayib la, mouri jedi 17 avril 2008 la nan yon lopital nan vil Fort-de-France kote l' te entèné dépi 9 avril pasé a. Césaire te genyen 94 zan .

Prezidan Fransè a, Nicolas Sarkozy, deklare lanmò Aimé Césaire kreye yon gwo chagren nan Matinik ak rejyon Karayib la ki pèdi youn nan "papa spirituel yo" e se tout nasyon fransè a nan totalite li ki an dèy. Msye Sarkozy ajoute:Césaire se te yon gwo umanis tout moun kap lite pou "emansipasyon" pèp yo atravè le mond te rekonèt yo nan li.

Pou'n koute reyaksyon prezidan Nicolas Sarkozy ak reyaksyon ekriven ayisyen Eric Sauray ak Jean Météllus sou Lanmò Aimé Césaire ale sou ralonj ki sou tèt atik sa a.

XS
SM
MD
LG