Football
Match kalifikatif koup du mond Beliz ap jwe kont Meksik ap dewoule nan Houston Tekzas le 15 Jwen olye de lakay Beliz. Antrenè seleksyon angle a Italyen Fabio Capello mande jwè seleksyon an pou yo pa rate match amikal seleksyon an gen pou jwe nan kad preparatif yap fè pou eliminatwa koup du mond la. Angletè gen pou l akeyi Etazuni 28 Me avan li vwayaje nan Trinidad and Tobago kote li pral rankontre seleksyon lokal la.
Basketball
Los Anjeles Lakers wouze Sakramento Kings 124 a 101 pou l asure l plas tèt de seri numewo 1 konferans de Lwès la. New Orleans Hornets ki danse sou Los Anjeles Clippers 114 a 92 pral tèt de seri numero 2 nan konferans de Lwès la. Nan konferans de Lès la Detroit Piston pilon-nen Minnesota Timbverwolves 115 a 103. Nan lòt rankont Orlando Majik te fè anpil efò avan li kale Atlanta Hawks 121 a 105. New Jersey Nets te bezwen pwolongasyon 112 a 108 pandan ke Portland Trail Blazers kale Memphis Grizzlies 113 a 91
Youn pami pibon basketè univèsitè maskulen ameriken Michael Beasley anonse entansyonn pou l anbrase karyè pwofesyonèl nan domè n nan apre 3 sezon li pase nan Univèsite Kansas ki sot ranpòte chanpyon Univèsitè yo.. Beasley kapab seleksyone kòm numewo 1 lè tiraj osò a ap dewoule 26 Jwen. Si Beasley seleksyone kòm numewo 1 non sèlman li gen garanti yon kontra 3 zan men tou 4 milyon dola pandan premyè sezon an.
Olenpik
Yon meday dò alman anonse entansyonn pou l boycote seremoni douvètu je zolenpik Peken yo pou pwoteste kont aktivite la chin ap men-nen nan teritwa Tibet.
Tennis
Woumen Sorana Cirstea suprann rus Anna Chakvetadze 6-2, 1-6, 6-2 pou l pase nan 8 tièm de final tounwa tenis Sèk Familyal la kap dewoule nan Charleston South Carolina. Ameriken Serena Williams te bezwen 2 manch pou l pase nan 8 tièm de final la. Serena kale arjanten Gisela Dulko 6-3, 6-2. Lòt kalifye yo se franse Marion Bartoli, Rus Dinara Safina, Hongwa Agnes Szavay.
Alman Tommy Haas elimine nan tounwa tenis an tèt batu kap dewoule nan Houston Tekzas. Rus Igor Kunitsyn kapote alman an 2 manch 5-7, 6-4, 6-4.
Atletisme
Yon tribunal Grèk bay 11 manb ekip leve de pwa peyi a juska 2 Me pou preparre temwayaj nan kad eskandal dopaj ki afekte Grèk yo e menm menase ekip la pou l pa patisipe nan je zolenpik Peken yo. Atlèt yo te prezante jodi a nan yon tribunal apre yo te teste pozitif pou uzaj anabolizan an deyò konpetisyon le 7 Mas.