Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Kilès ki pral Ranplase Jacques Edouard Alexis kòm Premye Minis? Sispens la ap Kontinye


Ann Ayiti, kesyon ap poze pou mande kilès ki pral ranplase Premye Minis Jacques Edouard Alexis Sena a te revoke ansanm ak tout manm kabinè ministeryèl la samdi pase a (12 avril 2008 la). Sena a lanse apèl bay Prezidan René Préval pou l chwazi yon kandida san pèdi tan. Jiska yè lendi 14 avril la, nouvèl yo fè konnen Misye Préval potko pran kontak ak prezidan 2 chanm yo sou chwa sa a, jan konstitisyon ayisyèn nan mande l la. Ann atandan, lavi a kòmanse repran kous nòmal li nan Pòtoprens aprè manifestasyon semèn pase yo --manifestasyon ki te fè 6 mò ak anpil blese nan kapital la e nan vil Okay.

Yon lòt kote, kominote kretyen yo nan Washington DC ap tann vizit Pap Benwa XVI ki pral rive nan kapital Lèzetazini an nan aprè-midi madi 15 avril la. Nou kontinye ti koze nou ak Reveran Pè Arsène Jasmin sou enpòtans vizit sa a pou mond kretyen an an jeneral e pou katolik yo sou kontinan ameriken an tou espesyalman.

Klike sou lyen anlè a pou w koute detay nouvèl sa yo.

XS
SM
MD
LG